Home Lòtbò Bolivi : ansyen prezidan Evo Morales fè gwo manifestasyon kont prezidan Luis...

Bolivi : ansyen prezidan Evo Morales fè gwo manifestasyon kont prezidan Luis Arce

Plizyè milye patizan ansyen prezidan Evo Morales lanse yon mach madi pou ale nan kapital La Paz, Bolivi. Mach sa fèt nan yon moman kote peyi a ap fè fas ak yon kriz ekonomik. Prezidan Luis Arce ak gouvènman li te denonse mach sa kòm yon « tantativ pou fè kou deta ».

Nan ti vil Vila Vila, anviwon 5000 patizan Morales te rankontre ak 1000 sipòtè prezidan Arce, kote gen goumen ki kite 26 moun blese, daprè ministè sante a.

Evo Morales deklare ke prezidan Arce ak vis-prezidan Choquehuanca trayi pèp la ak move jesyon ak koripsyon, pandan l te lanse mach sa pou « sove Bolivi ». Manifestan yo, ki rele kont mank gaz ak dola nan peyi a, ap eseye rive La Paz lendi.

Malgre tribinal entèdi Evo Morales kandida nan eleksyon 2025, li ap kontinye ap lite pou retounen sou pouvwa a.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here