Leslie Voltaire pase anpil mizè pou te kapab rankontre Prezidan Lula, men se Conille ki ranpòte lamayòl la. Konseye a fache, li di gen tèt ki pral koupe
Lendi 23 septanm 2024, Leslie Voltaire, yon manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (CPT), fè fas ak yon sitiyasyon malouk pandan li t ap eseye patisipe nan yon reyinyon ant prezidan brezilyen an, Luiz Inácio Lula da Silva, ak premye minis Ayiti, Garry Conille.
Dapre jounal Le Nouvelliste, Leslie Voltaire te ak Harvel Jean Baptiste, direktè kabinè CPT a, lè yo rive nan lokal Reprezantan Brezil nan Nouvèl York. Sepandan, pwotokòl ak ajan sekirite brezilyen yo te entèdi yo antre.
Malgre Leslie Voltaire te esplike nan lang fransè ak panyòl ke li se prezidan Ayiti, ajan yo te konfime ke yo pa t ap tann okenn lòt patisipan. Yon ajan menm te eseye verifye enfòmasyon an sou Google, men li pa t jwenn okenn rezilta ki montre ke Voltaire se prezidan peyi a. Gamal Augustin, direktè TNH, te eseye ede Voltaire, men efò li yo te vin yon objè ri.
Finalman, Leslie Voltaire te oblije kite lokal la, li menm te deklare ke se yon « koudeta diplomatik » epi li pwomèt ke « tèt ap tonbe ».