Rantre Lekòl 2024: Gouvènman an pran mezi pou sekirite ak relokalizasyon elèv yo
Nan kad rantre lekòl ki fikse pou madi 1ye oktòb 2024, Minis Jistis ak Sekirite Piblik la, Mèt Carlos Hercule, ansanm ak Minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la, Augustin Antoine, te bay yon konferans pou laprès samdi 28 septanm. Yo te pale sou mezi yo pran pou ouvèti lekòl yo.
Minis Edikasyon an te di, malgre gouvènman an te prevwa tout bagay pou louvri lekòl piblik yo, anpil pa prepare ankò pou resevwa elèv. Gen plizyè lekòl piblik ki toujou okipe pa moun deplase, tankou Lise Marie Jeanne ak Lise Cent-Cinquantenaire. Minis Antoine anonse ministè a pral mete lòt espas disponib pou elèv yo ka retounen lekòl.
Sou plan sekirite, Minis Carlos Hercule fè konnen lapolis pral la pou pwoteje elèv ak paran yo nan tout zòn kote lekòl ap fonksyone, espesyalman kote gang yo kontwole. Rantre lekòl la ap fèt sou tèm « Ranmase otorite lekòl ».