Home Enfo Lokal Conille pwomèt ke anvan fen ane a, moun ap ka monte desann...

Conille pwomèt ke anvan fen ane a, moun ap ka monte desann nan peyi a pi fasilman

Premye Minis Garry Conille, ansanm ak manm gouvènman an, te lanse « Fowòm Sitwayen » nan samdi 2 novanm 2024 nan komin Kenscoff. Pandan premye « Forum Sitwayen » an, Premye Minis la te reponn kesyon sou devlopman komin Kenscoff, relasyon Primati a ak Konsèy Prezidansyèl Transisyon an (CTP), rimè sou prezans mesenè sou tè nasyonal la, kriz sekirite ak migrasyon, piblikasyon Akò 3 avril 2024 la, ak kreasyon OCAG pou sipèvize aktivite CTP ak Primati a.

Premye Minis Garry Conille pwomèt ke anvan fen ane a, popilasyon an ap kapab vwayaje fasilman nan nò ak nan sid peyi a.Premye Minis la te di ke li ap travay di pou rezoud pwoblèm sekirite a epi li te anonse kreyasyon yon fon espesyal dijans pou lame ak PNH.

Dapre li, sitiyasyon sekirite a pi bon pase jan li te ye nan mwa jiyè pase a, men li rekonèt ke gen anpil travay ki rete pou fè pou rezoud pwoblèm nan nèt.

Premye Minis la te mande CTP pou mete an plas Fon Espesyal Sekirite (FSS) ak Konsèy Nasyonal Sekirite (CNS) pou ede otorite yo akizisyon materyèl ak fòmasyon ajan pou ranfòse operasyon fòs lòd yo kont gwoup kriminèl yo.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here