Nan dat 5 jen 2025, plizyè otorite nan zòn Miami-Dade leve vwa yo kont dènye entèdiksyon vwayaj administrasyon Trump lan mete sou Ayiti, Venezuela ak Kiba. Dapre Marleine Bastien, komisyonè konte a, mezi sa a se yon atak mechan ak rasis sou pèp ki deja ap soufri. Li denonse jan politik sa ap kraze fanmi, simen laperèz epi mete dezòd nan kominote imigran yo.
Majistra North Miami a, Alex Desulme, di Ayisyen yo se poto mitan vil la. Se pwofesè, biznisman, ak travayè sante. Li rele politik la “yon atak dirèk sou valè ekite ak konpasyon Ameriken yo.” Li mande pou politik imigrasyon an reflete diyite chak moun.
Nan menm sans lan, Vis-Majistra Coral Springs, Nancy Metayer Bowen, deklare se pa sekirite politik sa chache, men eksklizyon. Pandan tan sa a, gen anpil konfizyon lakay moun ki gen viza ameriken ann Ayiti sou si yo ka antre apre lwa a antre an aplikasyon lendi.
Pami tout sa, kominote Ayisyen an kontinye leve kanpe pou jistis.
































