Home Enfo Lokal PM Conille bay prezidan Voltaire eksplikasyon sou prezans mèsenè etranje nan Pòtoprens

PM Conille bay prezidan Voltaire eksplikasyon sou prezans mèsenè etranje nan Pòtoprens

Yon rankont te fèt lendi sa a ant Kowòdonatè Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) ak Premye Minis Gary Conille nan Villa d’Accueil, Musseau, sou kesyon prezans yon konpayi sekirite etranje an Ayiti. Nan rankont sa a, te gen sèlman twa manm KPT ki te prezan: Lesly Voltaire, ki se prezidan Konsèy la, Laurent St-Cyr ak Frisnel Joseph.

Premye Minis Conille konfime ak KPT a ke yon kontra te siyen ak konpayi sa a pou bay fòmasyon espesyalize ak Polis Nasyonal la (PNH). Rankont la te limite sou kesyon fòmasyon sa yo, e yo pa t abòde okenn lòt pwen.

Nan menm jounen lendi sa a, Ministè Jistis ak Sekirite Piblik la te pibliye yon kominike ki anonse kòmansman yon pwogram fòmasyon ak mentora an kolaborasyon ak Studebaker Group.

Pwogram sa a gen pou objektif ranfòse kapasite PNH la pou fè fas ak defi sekirite kap ogmante nan peyi a.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here