Anba lidèchip Minis Kathia Verdier, Ministè Ayisyen ki ap Viv Lòtbò (MHAVE) ansanm ak Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ) mete sou pye yon biwo espesyal pou sèvi tout konpatriyòt nan dyaspora ki bezwen sètifika polis.
Gras ak nouvo inisyativ sa a, ki soti nan vizyon Minis la, jwenn sètifika polis la ap vin pi senp pou Ayisyen k ap viv aletranje. MHAVE rekonèt soufrans ak difikilte anpil sitwayen te konn rankontre pou jwenn papye enpòtan sa yo. Se poutèt sa, Ministè a renouvle angajman li pou kontinye travay nan enterè tout Ayisyen k ap viv nan lòt peyi yo.
Se Komisè Polis Harold Barreau, nan Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ), ki gen responsabilite pou dirije nouvo biwo sa a ki fèt espesyalman pou sèvi dyaspora a.
MHAVE kwè dyaspora a merite jwenn bon kalite sèvis san okenn baryè. Ministè a pran angajman pou kontinye pote solisyon konkrè ki kapab fasilite lavi tout Ayisyen lòtbò.































