Home Enfo Lokal Seremoni kloti 8e edisyon konkou tèks ak repòtaj OPC

Seremoni kloti 8e edisyon konkou tèks ak repòtaj OPC

Nan kad preparasyon selebrasyon 76 lane Deklarasyon inivèsèl Dwa moun ki te fèt nan dat 10 desanm 1948, Sekretè Jeneral Konsèy minis peyi Dayiti a, Odilien Charles te reprezante Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (KPT) an, Leslie Voltaire, nan seremoni ki rekonpanse loreya 8e edisyon konkou tèks ak repòtaj Ofis Pwoteksyon Sitwayen te òganize sou Dwa moun lan.

Seremoni sila a te fèt nan otèl Montana nan Petyonvil, jounen vandredi 6 desanm 2024 la.

Nan entèvansyon li an, devan plizyè otorite tankou minis Jistis la, reprezantan Pouvwa Jidisyè a epi kèk manm nan Kò Diplomatik la, Odilien Charles felisite Ofis Pwoteksyon Sitwayen an pou bèl inisyativ sila a ki rekonpanse 11 loreya pou konkou tèks ak repòtaj la.

Reprezantan Prezidan Leslie Voltaire a felisite chanpyon yo epi li pwofite fè yo konnen yo gen gwo misyon pou kontinye defann Dwa moun chak jou nan peyi a tankou lòtbò dlo, konsa y ap suiv tras zansèt yo ki te goumen pou fè Ayiti vin manman Libète ak Dwa moun.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here