Home Enfo Lokal Maurice Léonce, 103 lane, fenk marye ak yon jenn gengenn nan Jeremi

Maurice Léonce, 103 lane, fenk marye ak yon jenn gengenn nan Jeremi

Nan dat 26 out 2024, Jérémie te viv yon evènman istorik lè Maurice Léonce, ki gen 103 lane, te marye ak Marie Édith Dorestant.

Natif natal Jérémie, Maurice fèt an 1921. Pitit Angèle Étienne ak Julien Léonce, yon imigran fransè, li se yon ekriven ki pibliye « Poèmes de la Grand’Anse » e yon ansyen jwè foutbòl ki te briye nan ane 1940 yo kòm yon gòch rapid.

Pandan rejim François Duvalier, Maurice te egzile nan New York kote li te ko-fonde yon lekòl foutbòl.

Apre li retounen Ayiti an 1996, li te antrene ekip tankou Étoile Haïtienne ak Don Bosco, pandan l’ap anseye espò ak sivis.

Malgre laj avanse li, Maurice Léonce kontinye ap viv ak renmen ak tout fòs, pwouve ke laj pa ka mete limit sou talan ni kouraj yon moun.

sous JCOM

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here