Etazini : Gwo kou pou imigran ayisyen yo
Administrasyon Trump lan lage yon lòt bonm sou kominote imigran an : tout moun ki sòti nan 19 peyi, pami yo Ayiti, ap sibi yon revizyon jeneral sou kat rezidans yo. Se yon lòd Prezidan Donald Trump bay USCIS, apre zak tire Washington lan.
Pou anpil Ayisyen k ap viv Ozetazini depi plizyè lane, nouvèl sa a tonbe tankou wòch sou lestomak : enstabilite, kè sote, ak kesyon san repons. Depatman Sekirite Teritoryal la anonse y ap fouye tou nan tout dosye azil ki te apwouve pandan administrasyon Biden lan. Sa vle di : tout bagay retounen a zewo.
Pandan Trump ap pale de “menas sekirite nasyonal”, plizyè sant kominotè fè konnen mezi sa yo ka louvri pòt pou plis stigmatizasyon sou Ayisyen k ap travay, peye taks, leve fanmi yo anpè.































