Home Enfo Lokal BLTS sezi 9 kilo marigwana epi arete 2 sispèk nan Petyonvil

BLTS sezi 9 kilo marigwana epi arete 2 sispèk nan Petyonvil

Brigad Lit Kont Trafik Dwòg (BLTS) nan Polis Nasyonal d Ayiti anonse li sezi nèf kilo marigwana epi arete de moun pandan yon operasyon li mennen nan Petyonvil.

Daprè Direksyon Kominikasyon Polis la (DICOP), operasyon an te fèt mèkredi 27 me nan zòn “Ghetto Jamayik”, nan kad mezi polis la ap pran pou konbat trafik dwòg nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan.

Polis la idantifye de moun ki arete yo kòm Maxi Delia ak Piterson Nauzeard. Selon otorite yo, se pandan operasyon an ajan yo te jwenn kantite marigwana sa a.

BLTS fè konnen sezi sa a antre nan seri dispozitif li mete sou pye pou konbat rezo trafik dwòg atravè peyi a.

Lapolis di li kontinye operasyon yo pou demantle tout rezo k ap fè trafik dwòg sou teritwa nasyonal la.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here