Home Tekno Etazini bloke aksè mondyal ak 2 modèl entèlijans atifisyèl Anthropic, Fable 5...

Etazini bloke aksè mondyal ak 2 modèl entèlijans atifisyèl Anthropic, Fable 5 ak Mythos 5, pou rezon sekirite nasyonal

Konpayi entèlijans atifisyèl ameriken Anthropic anonse vandredi 12 jen an li sispann aksè ak de modèl ki pi avanse li yo, Fable 5 ak Mythos 5, apre yon direktiv gouvènman ameriken an ki baze sou kestyon sekirite nasyonal.

Dapre konpayi an, otorite ameriken yo mande pou okenn sitwayen etranje, kit li Ozetazini oswa nenpòt lòt kote sou latè, pa gen aksè ak modèl sa yo. Pou respekte lòd la, Anthropic fè konnen li dezaktive Fable 5 ak Mythos 5 pou tout kliyan li yo atravè lemond.

Nan yon deklarasyon piblik, Anthropic eksplike li te resevwa direktiv la nan apremidi 12 jen an. Konpayi an di gouvènman an pa t bay detay presi sou menas sekirite yo, men li kwè desizyon an gen rapò ak yon teknik ki ta pèmèt kèk itilizatè kontoune pwoteksyon sekirite sistèm nan, yon pratik yo rele « jailbreak ».

Anthropic konteste gravite pwoblèm nan. Dapre li, feblès yo idantifye yo limite epi yo pa depase kapasite lòt modèl entèlijans atifisyèl ki deja disponib sou mache a. Konpayi an menm fè konnen kèk kapasite yo mansyone yo egziste deja nan lòt sistèm tankou GPT-5.5.

Desizyon Washington lan soulve kestyon sou avni aksè mondyal ak teknoloji entèlijans atifisyèl ki pi avanse yo. Plizyè obsèvatè estime mezi sa a kapab make kòmansman yon nouvo politik kote Etazini ta kontwole itilizasyon kèk modèl IA menm jan li fè deja pou sèten teknoloji estratejik ak semi-conducteurs.

Pou peyi an devlopman yo, tankou Ayiti, mezi sa a kapab gen konsekans sou rechèch, inovasyon ak devlopman zouti teknolojik ki depann de modèl entèlijans atifisyèl ameriken yo.

Anthropic fè konnen li respekte direktiv legal la, men li pa dakò ak rezon ki dèyè desizyon an. Konpayi an deklare li pral kontinye diskite ak otorite ameriken yo pou eseye jwenn yon solisyon ki ta pèmèt retablisman sèvis yo nan pi kout delè posib.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here