Home Enfo Lokal Minis Edikasyon an fache pou direktè k ap fè abi nan monte...

Minis Edikasyon an fache pou direktè k ap fè abi nan monte pri lekòl byen wo

Nan yon konferans pou laprès jedi 5 out la, minis Augustin Antoine di li aprann yon bagay ki pa bon ditou pou sistèm edikatif la. Dapre li, kèk direksyon lekòl prive ogmante yon fason espektakilè « frè eskolè » yo, pandan y ap mande paran peye pou kenbe plas pou elèv ki deja nan lekòl la, epi egzije yo tou pou peye an dola ameriken.

« Bagay sa yo pa nòmal nan sistèm nan. Fòk dezòd sa yo sispann. Nou dwe sispann kraze. Ministè a pap aksepte sa. Fòk bagay yo fèt byen, jan sa dwe fèt. Fòk gen kontwòl », se sa Minis lan te rapousuiv pou di, pandan l pwofite salye sèvis lekòl prive yo ap bay bò kote Leta a ki gen pou obligasyon ofri tout moun pen enstriksyon.

Minis Augustin Antoine di li konnen gen anpil lekòl ki an difikilte, akòz pwoblèm vyolans sitou nan depatman Lwès ak Latibonit, kote nèg ak zam ap feraye. Gouvènman an ap kontinye chèche ki pi bon fason pou l jere pwoblèm sa a, daprè garanti li bay.

Nan sa ki konsène frè eskolè nan lise yo, minis Antoine di se sèlman 1500 goud pou direktè yo pran nan men paran pou ane lekòl la. Li presize pou l di tout direktè lise ki te gen tan reklame plis pase 1500 goud nan men paran yo, dwe remèt yo rès lajan an prese prese. Si sa pa fèt, direktè sa yo riske gen gwo pwoblèm ak Ministè a. Se menm montan 1500 goud la paran yo dwe peye pou elèv ki nan twazyèm sik fondamantal. Pou sa ki gen a wè ak premye e dezyèm sik lekòl nasyonal yo, paran yo pa dwe peye yon goud. Ane sa ankò, Leta ap bay 400 goud pou chak elèv nan lekòl sa yo.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here