Pwogram sosyal PUMARSGV : Plizyè Paran benefisyè resevwa yon èd finansye 20 000 goud
Nan lide pou soutni fanmi ki pi vilnerab yo, gouvènman an plas la lanse pwogram sosyal PUMARSGV ki kòmanse montre premye rezilta konkrè li. Plizyè paran ki benefisyè konfime yo te resevwa yon transfè 20,640 goud sou kont Natcash oswa Moncash yo nan fen semèn sa a, yon èd ki vini nan bon moman nan yon kontèks ekonomik ki difisil.
Pwogram sosyal sa a ki pote non PUMARSGV se zèv Ministè Afè Sosyal ki rasanble 22 pwojè toujou nan lide pou amelyore kondisyon lavi popilasyon an k ap konnen yon moman difisil. Pami inisyativ sa yo, gen pwogram “Bourad Manje Kit ak Restoran Kominotè”, ki vize garanti sekirite alimantè pou fanmi ki nan bezwen.
Pwogram PUMARSGV genyen yon bidjè enpòtan ki monte a 9,391 milya goud, yon sòm ki alwe pou soutni divès inisyativ yo epi garanti lonjevite pwojè a. Bidjè sa a temwaye aklè angajman gouvènman an pou ranfòse sistèm pwoteksyon sosyal la epi montre volonte li pou reponn ak defi sosyo-ekonomik aktyèl yo.
N ap raple, premye benefisyè ki resevwa lajan pwogram sosyal PUMARSGV yo temwaye yon gwo soulajman e yo eksprime rekonesans yo pou èd sa a ki ap pèmèt yo rale yon souf pandan jou sa yo.