Home Lòtbò Ayisyen dwe leve kanpe kont kanpay rayisman nan Ohio

Ayisyen dwe leve kanpe kont kanpay rayisman nan Ohio

Nan Springfield, Etazini, nou ap obsève yon vag rayisman kont kominote Ayisyen ki ap pran jarèt nan mitan kanpay elektoral ki ap dewoule.

Pandan Donald Trump ak JD Vance ap chèche ranmase vòt pou prezidan, yo pa ezite reprann pawòl rayisab ki vize Ayisyen yo. Blag kache, diskou subtiman rasis, epi atak dirèk yo fè pati yon estrateji ki vize mete kominote Ayisyen yo sou kote, toutotan yo ap fè pwomosyon yon imaj negatif de moun ki soti Ayiti. Sa a se pa sèlman yon pwoblèm moral, men li poze yon menas reyèl sou sekirite ak byennèt Ayisyen k ap viv nan zòn Springfield ak atravè peyi a.

Ayisyen yo pa dwe rete endiferan devan mouvman sa a. Nou dwe leve vwa nou, òganize, epi travay ansanm pou kwape mesaj sa yo ki chaje ak prejije. Men kèk etap estratejik nou dwe pran pou mobilize epi kontrekare kanpay rayisman sa a:

1. Òganize nou anndan kominote a

Kominote Ayisyen yo dwe fòme gwoup lokal ki kapab reyaji rapidman chak fwa atak kont yo fèt. Fòmasyon kominote yo, ak patenarya ak lòt gwoup minoritè ki deja fè fas ak prejije, se kle pou n kapab montre solidarite epi fè fas ak tout menas yo. Yon kominote òganize ka sèvi kòm yon rezo sipò pou Ayisyen ki santi yo vilnerab epi ki pè di pawòl.

2. Sèvi ak rezo sosyal yo kòm zouti mobilizasyon

Rezo sosyal tankou Facebook, Twitter, ak Instagram ka jwe yon wòl enpòtan nan ede nou devwale epi denonse pawòl rayisab sa yo. Nou dwe itilize tribin sa yo pou rapòte diskou rasis yo, pataje temwayaj, epi montre reyalite lavi Ayisyen Ozetazini. Si nou ranfòse prezans nou sou rezo sosyal yo, sa ap ede nou enfòme lòt moun sou danje kanpay rasis la epi pwovoke yon reyaksyon pozitif nan medya yo.

3. Pwoteste ak fè presyon sou dirijan yo

Kominote Ayisyen yo bezwen pran lari, òganize pwotestasyon pasifik, epi fè presyon sou politisyen lokal yo pou yo kondane pawòl rasis ak eksklizyon yo. Avèk presyon piblik la, nou ka fòse kandida ki nan kanpay yo distansye tèt yo ak mesaj divizyon sa yo, epi mete aksan sou respè ak inite.

4. Kolaborasyon ak òganizasyon dwa sivil

Fòk nou chèche sipò nan men òganizasyon tankou ACLU (American Civil Liberties Union), NAACP, ak lòt gwoup ki fè pwomosyon dwa moun Ozetazini. Kolaborasyon ak gwoup sa yo ap ede kominote Ayisyen yo jwenn plis resous pou defann tèt yo legalman, epi rasanble plizyè vwa kont diskriminasyon.

5. Enplike nan politik lokal yo

Nou dwe ranfòse prezans nou nan politik lokal yo, kòmanse patisipe nan eleksyon lokal yo, epi sipòte kandida ki gen valè ki an favè imigran ak minorite yo. Fòk nou itilize vòt nou pou montre ke mesaj rayisab yo pa gen plas nan sosyete nou an.

6. Sistematize Edikasyon ak Konsyantizasyon

Yon lòt aspè enpòtan se edike moun sou istwa Ayiti, kontribisyon Ayisyen yo nan sosyete ameriken an, ak sou verite ki dèyè move pawòl ki vize kominote nou an. Nou kapab òganize atelye, konferans, ak evènman piblik kote nou bay limyè sou wòl Ayisyen yo nan ekonomi ak kilti lokal la.

Lè nou mobilize byen vit, fè apèl ak lòt òganizasyon, epi fòme yon blòk inifye, nou ka reyisi kontrekare tout kanpay rasis ki ap chèche diminye valè kominote Ayisyen nan Springfield ak lòt kote. Nou gen kapasite pou nou vire batay la nan avantaj nou epi montre ke rayisman pa ka gen plas nan yon sosyete ki chèche avanse sou chemen egalite ak respè.

Lè yo te mete Sida sou do Ayisyen, gwo mobilizasyon te fèt e nou te rive kapote kanpay rayisman sa.

Nou ka refè l ankò!

Lyndd J. Jasmin

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here