Leslie Voltaire anonse sou Twitter ke, nan plas Edgard Leblanc, se li ki dirije delegasyon Ayiti a nan Nouyòk nan kad 79yèm sesyon Asanble Jeneral Nasyonzini an.
Voltaire deklare ke pandan yon reyinyon pwodiktif avèk sekretè jeneral LONI an, Antonio Guterres, yo te diskite sou sijè kle pou Ayiti: kriz alimantè a, sekirite, sitiyasyon politik, ekonomik ak sosyal la, òganizasyon eleksyon yo, ak lit kont rekritman timoun kòm sòlda.
Li fè kwè tou ke li te mete aksan sou ensekirite a ki kontinye ap vale teren epi mwen mande sipò ayeryen nan men Nasyonzini pou ranfòse batay kont ensekirite a.