Nan yon konferans pou laprès li bay nan jounen mèkredi 1e avril 2026 la, Minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la, Vijonet DÉMÉRO, anonse kèk nan gran priyorite administrasyon l lan.
Minis lan vle asire l tout sal klas nan lekòl piblik yo gen anseyan ladan yo. Se premye priyorite li. Menm si li rekonèt konpleksite kesyon sa a. Li konsidere twa aspè ladan l : Gen anseyan ki nome men ki pa janm touche ; gen anseyan k ap travay men ki pa nome ; gen anseyan ki nome men ki pa al travay.
Pou byen trete kesyon sa a, Minis la mete kanpe yon Komisyon ki gen nan tèt li Direktè Jeneral Ministè a. Men, kòm manm, Komisyon an genyen ladann Direktè kabinè Minis la, Direktè k ap jere pèsonèl la, Direktè Afè administratif la epi Kòdonatè Direksyon Depatmantal yo.
Youn nan manda Komisyon sa a se gade pou ki lekòl nominasyon yo ap fèt, gade tou si lekòl sa yo bezwen tout bon vre lòt anseyan.
Selon Minis la, youn nan lòt gwo manda Komisyon sa a, se travay pou rive bay anseyan yo satisfaksyon, e sa dwe fèt suivan disponibilite kredi ki genyen nan bidjè Ministè a. Konsa, li rasire sendika anseyan yo pandan twa pwochen mwa k ap vini yo, gen bon jan efò ki pral fèt pou amelyore kondisyon travay anseyan yo.
Minis Vijonet DÉMÉRO te pwofite di li kwè anpil nan dyalòg ak sendika anseyan yo, yon fason pou yo jwenn ansanm bon jan solisyon pou pwoblèm konplèks ki genyen nan sistèm edikatif la. Selon Minis la, se sèl nan dyalòg n ap rive fè sa.
Vijonet DÉMÉRO angaje l pou diminye ris oubyen posibilite koripsyon nan Ministè a ak nan tout lòt antite ki anba kontwòl li. Minis la deside aji konsa yon fason pou li sekirize plis lajan ki kapab itilize nan konstui plis lekòl, pèmèt plis timoun ale lekòl, elaji Pwgram Kantin eskolè a nan bay elèv yo manje chak jou, amelyore kondisyon travay ak kondisyon lavi anseyan yo, fasilite etidyan Lekòl Nòmal Siperyè yo jwenn ankadreman pou yo reyalize estaj akademik yo.
Pou diminye ris koripsyon yo, Minis la deja mete an plas kèk baliz. Atravè Konsèy Oryantasyon Estratejik la, li mande espesyalman Fon Nasyonal Edikasyon an (FNE), Pwogram Nasyonal pou Kantin nan Lekòl yo, antite k ap jere gwo pwojè tankou UGP, UCP, pou yo aji nan sans sa a san okenn ezitasyon ni konplezans. Se menm konsiy la ki al jwenn direksyon k ap jere lajan, etidye kontra pou antrepriz yo nan biwo santral Ministè a. Konsiy la pa depaman pou Direksyon Depatmantal Edikasyon yo.
Twazyèm gran priyorite Minis la se mete bon jan materyèl didaktik ak pedagojik nan lekòl yo, yon fason pou timoun yo kapab aprann nan pi bon kondisyon. Se poutèt sa, Ministè ap travay ansanm ak Mezon Edisyon yo epi patnè finansye yo, nan lide pou “Liv inik” la ka rive jwenn tout elèv yo, soti nan 1e pou rive 4èm Ane Fondamantal. Sepandan, sou dosye sa a, Minis la estime gen jefò ki dwe kontinye fèt pou respekte kontra ak Mezon Edisyon yo, paske yo dwe pwodui plis liv pou plis elèv lekòl.
Nan dyalòg ak patnè edikatif yo, nimewo En Edikasyon Nasyonal la chita pale ak reprezantan BID, Bank Mondyal, UNESCO, UNICEF nan lide pou ba yo garanti MENFP angaje l nan fè pwomosyon pou transparans. Sa ki, selon Minis DÉMÉRO, kapab ankouraye yo bay plis bourad pou lekòl la.
Minis DÉMÉRO mete aksan tou sou òganizasyon egzamen Leta yo ki dwe fèt pandan mwa jiyè k ap vini la a. Se yon kokenn chenn operasyon k ap mobilize yon gwo bidjè; sa ap mande anpil lajan. Konsa Minis la gentan mete sou pye yon Komisyon k ap travay sou dosye sa a.
Rantre lekòl la pou ane akademik 2026-2027 la, se youn nan gwo priyorite pwofesè Vijonet DÉMÉRO. Se yon lòt gwo moso ki gen ladan l : nominasyon anseyan, asenisman nan lekòl yo, distribisyon inifòm pou elèv yo, distribisyon liv ak lòt materyèl didaktik, relokalizasyon lekòl ki te oblije fèmen pòt yo pou kòz vyolans, distribisyon mobilye eskolè, elatriye.
Minis la rive elabore gwo priyorite sa yo aprè chita pale li te fè ak anpil aktè nan kominote edikatif la, kad teknik nan Ministè a, sendika anseyan yo ak patnè teknik ak finansye yo.































