JanJan Vòlè Tan
Se jou madi, se jou mache. Nan lari Chansòl, moun ap monte, moun ap desann. Ou ta di foumi fou.
Jean-Michel ap mache pou kont li, 2 men nan pòch, l ap gade moun k ap machande, moun k ap rele vi n achte, moun k ap joure.
‘’Mesye!’’. Yon vwa dous e ki otoritè alafwa, rive pa dèyè do nan zòrèy Jean-Michel, malgre tout gwo bri mizik melanje ak pawòl epi ak klaksòn taksi-moto.
Jean-Michel vire. Li tonbe bab pou bab ak yon granmoun fanm. Madanm nan te gen sou zepòl li plizyè rad pèpè. Sou bra l, li pote sentiwon, sèvyèt ak fo cheve. Figi l ki plise ak cheve l ki blanch kon koton fè konprann li gen plis ke syèk sou latè, men lè l plonje je l byen fon nan je Jean-Michel, jennonm nan ta ka di se yon jenn gengenn diznevan.
Jean-Michel frisonnen, afòs madanm nan devizaje l. Se konmsi li ta vle sonde nanm li.
Madanm nan rale pip ki te nan bouch li epi li lonje yon ti bwat bay Jean-Michel.
‘Tan tounen. Pran swen li’, grandèt la repete 3 fwa.
Ak yon ti kras krentif, Jean-Michel louvri ti bwat la. Li wè yon mount ki klere kou zetwal e k ap fè tiktak tiktak.
‘’A la yon bèl mont’’, Jean-Michel panse nan tèt li. Men lè li leve je l gade, li pa wè si granmoun nan monte, si li desann. Men byen lwe dèyè do li, li tande menm vwa ki di ‘’Pran swen tan an, Jan-Jan. Pran swen tan an’’.
Jean-Michel sezi. Li cho, li frèt. Kòman madanm nan fè konnen non l?
Jean-Michel se yon ajan 2 lapolis, ki fenk rive vin pran pòs nan Chansòl. Se konsa li t ap pwomennen pou dekouvri vil la pi byen epi, ou pa janm konnen, pou li ta jwenn kèk bèl ti boubout pou pran swen l nan zòn nan.
San tann plis tan, polisye a kase tèt tounen nan komisarya a pou li ka chita reflechi sou rankont dwòl sa li fenk fè a.
Nan aswè, pandan l ap egzamine mont lan, li peze yon kote epi touswit, li wè li tounen 6 jou avan, lakay li, nan chanm li Lenbe, lè li t al wè manman l anvan li te vin pran pòs la nan Chansòl.
Kè Jean-Michel pran bat fò.
‘’Nan kisa m pran la?’’, li panse byen wo. Li kouri repeze mont lan, epi li retounen sou chèz komisarya kote l te ye anvan an.
Boutofen, Jean-Michel rive konprann ke mont sa gen yon pouvwa espesyal. Se yon zouti pou vwayaje nan tan.
Labrim diswa te kòmanse tonbe, men Jean-Michel potko janm ka reponn tout kesyon k ap woule nan kalbas tèt li. Pouki granmoun nan te vin lage mont sa nan men li ? Pouki li site ti non jwèt li, Janjan?
Pandan yon ti dòmi pra l pati ak li, Jean-Michel jwenn yon lide :
‘’Eske se pa kèk grangrann mwen ki tounen sou latè vi n banm yon chans pou m milyonè? Paske ak mont sa m ka remonte letan al jwe boul bòlèt m konnen k ap soti’’
Jean-Michel pase pi bèl nwit nan vi l. Nan rèv, li wè l genyen nan tout loto, vizite tout bèl mèvèy sou planèt la, vwayaje nan djèt prive, deplase nan limouzin epi viv nan bèl chato.
Ann swiv rès listwa JanJan yon lòt jou































