Konseye-Prezidan, Doktè Frinel Joseph, retounen nan peyi a jounen ki samdi 2 novanm 2024 la apre l fin patisipe nan travay Komisyon Veniz te òganize nan peyi Etazini, sou inisyativ OEA soti 28 pou rive 30 oktòb 2024.
Konseye-Prezidan an te fè plizyè rankont, sitou ak otorite OEA yo, pou diskite sou plizyè pwen tankou: #Ensekirite, #Referandòm ak #Eleksyon.
Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (KPT) an deklare li manifeste, yon lòt fwa ankò, volonte l pou l kowopere ak òganizasyon ki zanmi Ayiti yo pou rive garanti estabilite nan tout peyi a.