Home Lòtbò Plis pase 300 000 Ayisyen nan cho apre Trump koupe TPS ak...

Plis pase 300 000 Ayisyen nan cho apre Trump koupe TPS ak Pwogram Imanitè Pawòl la

Plis pase 300 000 Ayisyen ap viv kounye a nan enkyetid apre desizyon administrasyon Trump lan mete fen nan de pi gwo pwoteksyon imanitè yo te genyen: TPS (Temporary Protected Status) ak Pwogram Imanitè Pawòl la. Desizyon sa a, ki tonbe tankou yon kout flach, mete anpil fanmi nan lari, san okenn sekirite legal.

Ayisyen sa yo, pami yo fanm ansent, timoun, ak granmoun aje, te ap viv legalman Ozetazini, ap travay, peye taks, epi kontribye nan sosyete a. Kounye a, yo pa gen lòt opsyon klè. Avoka imigrasyon ak òganizasyon defans dwa moun lanse avètisman: si pa gen chanjman rapid, gen risk depòtasyon masiv.

Kominote ayisyèn lan rele pou solidarite, mobilizasyon, epi plis presyon sou kongrè a pou chèche yon solisyon dirab. Se lavi, rèv, ak avni dè milye de fanmi ki sou balans lan. pase 300 000 Ayisyen nan cho apre Trump fin koupe TPS ak Pwogram Imanitè Pawòl la

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here