Olòfson boule rapyetè : Fils-Aimé rele fèmen baryè apre bèf fin sove ale

0

Se pa Oloffson sèlman ki boule, se kredibilite Leta a tou Gouvènman Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé lanse yon kominike kote li pale de "tolérans zewo" apre otèl Oloffson — youn nan dènye temwayaj eritaj kiltirèl kapital la — fin boule anba men gang. Men, kominike sa a sanble plis ak yon diskou pou dòmi je pèp la, pase ak...

Ayiti anba men gang : chèf Nasyonzini an delege yon diplomat kriz

0

Ayiti ap viv youn nan pi gwo trajedi li. Gang ap simen laterè, Leta kraze nèt, plis pase 1,3 milyon moun oblije kouri kite lakay yo. Antònyo Guterres, Sekretè Jeneral Nasyonzini, nonmen Carlos Ruiz Massieu kòm nouvo reprezantan espesyal li pou Ayiti. Li gen plizyè dizèn lane eksperyans nan diplomasi ak negosyasyon lapè. Misyon li ap kòmanse nan mwa...

Plis pase 300 000 Ayisyen nan cho apre Trump koupe TPS ak Pwogram Imanitè Pawòl la

0

Plis pase 300 000 Ayisyen ap viv kounye a nan enkyetid apre desizyon administrasyon Trump lan mete fen nan de pi gwo pwoteksyon imanitè yo te genyen: TPS (Temporary Protected Status) ak Pwogram Imanitè Pawòl la. Desizyon sa a, ki tonbe tankou yon kout flach, mete anpil fanmi nan lari, san okenn sekirite legal. Ayisyen sa yo, pami yo fanm...

Entèdiksyon vwayaj sou Ayiti : lidè ayisyen nan Florid yo move kon kong

0

Nan dat 5 jen 2025, plizyè otorite nan zòn Miami-Dade leve vwa yo kont dènye entèdiksyon vwayaj administrasyon Trump lan mete sou Ayiti, Venezuela ak Kiba. Dapre Marleine Bastien, komisyonè konte a, mezi sa a se yon atak mechan ak rasis sou pèp ki deja ap soufri. Li denonse jan politik sa ap kraze fanmi, simen laperèz epi mete...

Etazini mete gang Viv Ansanm yo sou lis gwoup teworis entènasyonal

0

Nan dat 2 me 2025, gouvènman Etazini mete alyans gang ki rele Viv Ansanm sou lis ofisyèl gwoup teworis entènasyonal. Desizyon sa a soti nan Depatman Trezò Ameriken. Gwoup sa a pran kontwòl prèske tout kapital Ayiti, Pòtoprens, e li louvri bra l sou lòt zòn ki bò kote yo. Anplis de sa, gang Gran Grif, ki te fè yon...

Pap François mouri lendi, l ap antere samdi

0

Pap François, ki te chèf Legliz Katolik la depi 2013, mouri nan laj 88 an nan lendi 21 avril 2025, nan rezidans li nan Domus Sanctae Marthae, Vatican. Li te mouri apre yon atak serebral ki te mennen nan arest kadyak. Anons lan te fèt pa Kardinal Kevin Farrell, ki se Camerlengo Legliz la .​ Fineray Pap François ap...

Si entènasyonal la pa aji rapid, kafe Ayiti ap koule ak ma, dapre Nasyonzini

0

Ayiti ap plonje chak jou pi fon nan yon twou nwa kote vyolans gang, ensekirite ak mizè ap vale tout espwa. Reprezantan espesyal Sekretè Jeneral Nasyonzini an, María Isabel Salvador, bay yon avètisman grav devan Konsèy Sekirite a: nou prè pou frape pwen san retou. Kòm gang yo ap mete men sou chak kwen Pòtoprens, menm dènye wout lib...

Gouvènman an di li ogmante èd li bay moun deplase yo

0

Nòt Primati Ayiti Akoz gwo lapli ki tonbe sou peyi a, Gouvènman Repiblik la mete plis fòs nan plan ijans li pou ede popilasyon ki pi frajil yo. Jounen jodi dimanch lan, ekip gouvènman an distribye plizyè santèn dra plastik bay fanmi ki deplase nan kan Delma ak Boudon, pou ede yo pwoteje tèt yo kont move tan an. Aksyon sa...

Mibalè : 529 prizonye chape poul yo apre atak gang yo

0

Nan lannwit dimanch pou lendi, gang te atake komisarya Mirebalais, kote yo te libere 529 prizonye. Frédérique Occean, reprezantan gouvènman an, te di ke lapolis ki te an kantite limite te kite komisarya a, sa ki pèmèt gang yo kraze prizon an ak fè dega nan vil la. Plizyè moun mouri ak blese pandan atak la, e anpil abitan...

Seremoni « Relokalizasyon Tribinal Premyè Enstans » Pòtoprens

0

Konseye-Prezidan Fritz Alphonse Jean, Leslie Voltaire ak Emmanuel Vertilaire, Premye minis Alix Didier Fils-Aimé, minis Jistis ak Sekirite piblik la, Patrick Pélissier, Prezidan Kou Kasasyon an, Jean Joseph Lebrun, ak plizyè lòt pèsonalite enpòtan nan peyi a, te patisipe nan seremoni « Relokalizasyon Tribinal Premyè Enstans » Pòtoprens lan, nan Dèlma 75. Fritz Alphonse Jean fè konnen inogirasyon nouvo lokal...