Gwo Tranblemanntè touye plis pase 1600 moun nan Myanmar

0

Yon tranblemanntè 7.7 sou echèl Richter frape Myanmar vandredi 28 mas 2025, lakòz gwo dega ak plis pase 1600 mò ak 3000 blese. Episant li te nan Sagaing, epi kèk minit apre, yon lòt sekous 6.7 te frape ankò. Kay, pon, legliz kraze, kite plizyè moun anba debri yo. Vil Mandalay pi touche, ak plizyè douzèn moun bloke nan bilding...

KPT a rankontre ak manm Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a

0

Fritz Alphonse Jean ak Konseye-Prezidan Louis Gérald Gilles, Emmanuel Vertilaire, Edgard Leblanc Fils, Laurent Saint-Cyr ak Régine Abraham te rankontre ak manm Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a, jounen vandredi 14 mas 2025 lan, nan Viladakèy. Yo te echanje sou plizyè pwen konsènan sitiyasyon sistèm jidisyè a. Yo te diskite espesyalman sou plizyè defi enstitisyon jidisyè a ap fè...

Albert Ramdin, premye lidè nan Karayib la ki vin sekretè jeneral OEA

0

Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) eli minis afè etranjè Siranam nan, Albert Ramdin, kòm nouvo sekretè jeneral li jiska 2030. Li pran plas diplomat Iwougweyen Luis Almagro, epi li vin premye lidè Karayib la ki okipe pozisyon sa a. Ramdin te sèvi kòm minis afè etranjè Siranam depi 2020, epi li te asistan sekretè jeneral OEA pandan de manda (2005-2015)....

Fritz Jean ofisyèlman nouvo Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an

0

Konseye-Prezidan Fritz Alphonse Jean vini ofisyèlman nouvo Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) jounen vandredi 7 mas 2025 lan. Li ranplase nan pòs sila a, Leslie Voltaire epi li ap rete nan tèt Konsèy la jiska 7 dawout 2025 konfòmeman ak rezolisyon 4 oktòb 2024 la konsènan Prezidans tounant lan. Seremoni pasasyon pouvwa a te òganize nan Viladakèy nan prezans...

Seremoni omaj nan memwa Frankétienne

0

Konseye-Prezidan Edgard Leblanc Fils te patisipe jounen jedi 27 fevriye 2025 lan, nan seremoni omaj nan memwa Jean-Pierre Basilic Dantor Franck Étienne d'Argent. Se te yon seremoni ki te fèt nan prezans minis Kilti ak Kominikasyon an Patrick Delatour, divès ansyen minis, pami yo Pradel Henriquez, Sekretè Deta Kominikasyon an Bendgy Tilias, nouvo Delege Depatmantal Lwès la Andy Marcelus...

Leyogàn : 5 bandi tonbe, 3 zam sezi

0

Nan kad yon operasyon Lapolis mennen nan Komin Leyogàn, nan jou lendi 24 fevriye 2025 lan, 5 bandi mòtèlman blese nan echanj kout bal ak Lapolis, 2 fizi M4 ak yon pistolè 9mm sezi. Se inite espesyalize SWAT ak UTAG ki mennen operasyon sa nan zòn Bwa Lasal, toupre lekòl Don Bosco.

Yon komisyon pral jere Radyo ak Televizyon Nasyonal

0

Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) Leslie Voltaire te remèt, jounen lendi 24 fevriye 2025 lan, manm komisyon restriktirasyon Radyo Televizyon Nasyonal yo, kopi arete ki nonmen yo nan pòs sila a. Seremoni an te òganize nan Viladakèy, nan prezans plizyè pèsonalite, espesyalman Sekretè Deta Kominikasyon an Bendgy Tilias. Nan diskou li fè pou sikonstans lan, Prezidan KPT a fè...

Revokasyon TPS Ayisyen : yon katastwòf pou LaFlorid, yon « Bouchon Lanmò » pou Ayiti

0

Revokasyon TPS pou Ayisyen: Yon desizyon Ki ka fè Florid pèdi plis pase yo panse Miami Herald lanse yon apèl bay administrasyon Trump pou l tounen sou desizyon l pran pou elimine TPS Ayisyen yo. Jounal la di sa se yon gwo erè ki kapab afekte ekonomi ak sekirite Florid. Administrasyon Trump anonse revokasyon TPS la, sa ki mete anviwon 500,000...

Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) selebre Jounen Entènasyonal Lang Manman

0

Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) selebre Jounen Entènasyonal Lang Manman 21 fevriye 2025 la sou tèm "Lang Kreyòl Ayisyen an, zouti rezistans pèp Ayisyen an." Dapre prezidant AKA a, Rosilia François Corneille, tèm sa vle mete aksan sou enpòtans lang kreyòl la kòm yon senbòl rezistans ak idantite nasyonal. Nan okazyon an, plizyè otorite ak pèsonalite kiltirèl te pale sou nesesite...

Frankétienne mouri, men li pa disparèt

0

Frankétienne, yon gran ekriven, powèt, mizisyen, ak pent ayisyen, kite nou nan dat 20 fevriye 2025 a laj de 88 lane. Gran entelektyèl sa a, ki te kreye mouvman espiral la, kite yon eritaj kiltirèl rich ki make listwa literati ak atizay peyi a. Frankétienne te bay lang kreyòl la plis valè ak respè atravè zèv li yo, tankou "Dezafi",...