WHAT'S NEW
Magalie Georges ak Yves Marie Edouard enstale ofisyèlman nan Konsèy Elektoral...
ACCESSORIES
Pwogram Biden: Pwosesis anprent pou esponsò
Lapolis mete Nenel Cassy anba kòd
WINDOWS PHONE
Tribinal kondane chèf polis Kenya pou pase 6 mwa nan prizon
LATEST ARTICLES
Espay ranpòte Mondyal la, li bat Ajantin epi li fini tounwa 2026 la nan yon gwo espektak
Espay ranpòte Koup di Mond 2026 la dimanch, apre li te bat Ajantin 1-0 nan pwolongasyon. Viktwa sa a mete fen nan patisipasyon Lionel Messi nan tounwa a epi li bay FIFA yon final ki te fèt sou yon gwo echèl, nan premye edisyon Koup di Mond lan ki te gen 48 ekip. Final la, ki te dewoule nan MetLife...
Mondyal 2026- Ricardo Adé rive nan baryè 60 seleksyon ak Ayiti
Ricardo Adé, te jwe samdi swa kont Ekòs 60yèm match li anba koulè Ayiti. Defansè LDU Quito ann Ekwatè a te fè premye seleksyon li nan ekip nasyonal la 2 septanm 2016 nan estad Sylvio-Cator, nan kad eliminatwa Koup di Mond 2018 la. Ansyen jwè Baltimore SC Sen Mak la gen de (2) gòl ak seleksyon nasyonal la. Li te...
Etazini bloke aksè mondyal ak 2 modèl entèlijans atifisyèl Anthropic, Fable 5 ak Mythos 5, pou rezon sekirite nasyonal
Konpayi entèlijans atifisyèl ameriken Anthropic anonse vandredi 12 jen an li sispann aksè ak de modèl ki pi avanse li yo, Fable 5 ak Mythos 5, apre yon direktiv gouvènman ameriken an ki baze sou kestyon sekirite nasyonal. Dapre konpayi an, otorite ameriken yo mande pou okenn sitwayen etranje, kit li Ozetazini oswa nenpòt lòt kote sou latè, pa gen...
BLTS sezi 9 kilo marigwana epi arete 2 sispèk nan Petyonvil
Brigad Lit Kont Trafik Dwòg (BLTS) nan Polis Nasyonal d Ayiti anonse li sezi nèf kilo marigwana epi arete de moun pandan yon operasyon li mennen nan Petyonvil. Daprè Direksyon Kominikasyon Polis la (DICOP), operasyon an te fèt mèkredi 27 me nan zòn “Ghetto Jamayik”, nan kad mezi polis la ap pran pou konbat trafik dwòg nan zòn metwopolitèn Pòtoprens...
Plizyè òganizasyon denonse dekrè-lwa minye gouvènman Fils-Aimé a
NOT DENONSYASYON DEKRÈ LWA MINYE GOUVÈNMAN DEFAKTO Alix Didier FILS-AIMÉ a Se ak anpil endiyasyon, fristrasyon nou konstate nan jou ki te Lendi 30 Mas 2026 la, gouvènman defakto Alix Didier Fils-Aimé a mete deyò yon Dekrè Lwa Minye. Nou te toujou kwè epi jan nou te toujou ap souliye sa depi lane 2013, nan lansman gwo mobilizasyon kont pwojè...
Plis pase 500 Òganizasyon denonse pwosesis rekolonizasyon Ayiti
Nòt pou laprès Nan mitan mwa fevriye 2026 la, plis pase 500 òganizasyon ak yon santèn pèsonalite atravè peyi a ak dyaspora a te lanse yon gwo kout rèl pou atire atansyon sosyete a sou yon gwo malè ki menase ekzistans nasyon ayisyen an. Evènman k ap dewoule nan Amerik la ak anndan peyi a pèmèt siyatè sila yo konprann...
Minis Vijonet DÉMÉRO detaye kèk nan gran priyorite li genyen pou sistèm edikatif la
Nan yon konferans pou laprès li bay nan jounen mèkredi 1e avril 2026 la, Minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la, Vijonet DÉMÉRO, anonse kèk nan gran priyorite administrasyon l lan. Minis lan vle asire l tout sal klas nan lekòl piblik yo gen anseyan ladan yo. Se premye priyorite li. Menm si li rekonèt konpleksite kesyon sa a. Li...
Foot – 28 mas : Ayiti pral jwe kont Tinizi nan vil Towonto
Kat mwa apre kalifikasyon istorik yo pou koup di mond lan, Grenadye yo pral foule pelouz vèt la pou premye fwa jou k ap 28 mas k ap vini la a kont ekip Tinizi an a 8è nan aswè nan vil Toronto, nan peyi Kanada, nan kad yon match zanmitay, yon match jofe jarèt, ki pral sèvi nou kòm...
Venezyela : Maduro pèdi pouvwa!
Nan yon evenman istorik ki souke lemond antye, prezidan Donald Trump te anonse samdi maten an ke fòs militè Ameriken te kaptire prezidan Venezyela Nicolas Maduro ansanm ak madanm li, Cilia Flores, apre yo te lanse yon atak militè gwo ekalite sou peyi Amerik Latin nan. Eksplozyon pwisan te komanse souke kapital Venezyela a vè 2è nan maten samdi. Detonasyon...
Fòs Sipresyon Gang (GSF) ak HCDH òganize fòmasyon pou jounalis ayisyen
Sipò pou yon laprès lib e an sekirite : Fòs Sipresyon Gang (GSF) – Ayiti ak HCDH òganize atelye fòmasyon pou jounalis ayisyen Fòs Sipresyon Gang (GSF) ann Ayiti, an kolaborasyon ak Biwo Wo Komisè Nasyonzini pou Dwa Moun (HCDH), te fini nan dat 18 desanm 2025 yon atelye fòmasyon medya entèaktif ki te dire de (2) jou, kote plis...
























































