Òganizasyon Konbit pote gwo kritik sou vizit Sekretè Deta Ameriken Blinken ap fè ann Ayiti 5 septanm la

0

Konbit Òganizasyon Politik Sendikal ak Popilè a kritike vizit Sekretè Deta Ameriken Antony Blinken an, 5 septanm 2024 Nan yon nòt, Konbit Òganizasyon Politik Sendikal ak Popilè a eksprime enkyetid sou vizit Sekretè Deta Ameriken Antony Blinken nan peyi a, 5 septanm 2024. Yo poze kesyon sou veritab objektif vizit sa a, ak wòl Etazini nan kriz Ayiti ap travèse,...

Salon Entènasyonal Liv ak Atizay Nouyòk: yon vitrin tou nèf pou kilti ayisyen Ozetazini

0

Amatè literati ak atizay ann Ayiti ak nan dyaspora a envite vin dekouvri richès ak divèsite kilti ayisyen nan premye edisyon Salon Entènasyonal Liv ak Atizay Nouyòk, ke edisyon Rêve Papier ap òganize. Evènman sa a, ki ap fèt 7 ak 8 septanm nan legliz Emmanuel nan Longaylann, pwomèt pou li yon reyinyon enpòtan pou moun ki pasyone ak...

Ayiti : Etazini vle transfòme misyon Kenya a an yon operasyon lapè Nasyonzini

0

Plis pase de mwa apre premye kontenjan polisye Kenyan rive Ayiti pou dirije yon fòs sekirite miltinasyonal ki finanse sitou pa Etazini, administrasyon Biden an ap chèche fason pou transfòme misyon sa a an yon operasyon lapè tradisyonèl Nasyonzini. Daore Miami Herald, Depatman Deta a ap konsidere chanjman sa a akoz mank finansman ak ekipman, epi li deja fè...

Ayiti ap twoke kòn ak Pòtoriko vandredi nan kad Lig Nasyon Foutbòl Konkakaf

0

Nan kad sezon 2024-2025 Lig Nasyon Konkakaf la, ekip foutbòl nasyonal Ayiti a, Grenadye yo, kòmanse yon staj preparasyon nan Pòtoriko depi dimanch 1ye septanm. Grenadye yo rive nan ayewopò San Juan, apre sa, yo pran bis pou Mayagüez, twazyèm pi gwo vil Pòtoriko, kote yo pral jwe kat match nan Estadio Centroamericano pou mwa septanm nan. Ekip Ayisyen...

ULCC mande pou Lajistis takle 13 ansyen diplomat

0

Inite Lit Kont Koripsyon (ULCC), an franse Unité de Lutte Contre la Corruption, mande pou otorite lajistis yo mete aksyon piblik lan an mouvman kont 13 ansyen diplomat ayisyen ki pa t fè deklarasyon byen yo jan lalwa egzije sa. Pami yo gen ansyen chèf olis ak anbasadè nan OEA Léon Charles, ansyen konsil miyami Gilles Stéphane, Jean Yves...

Fatra monte disèt wotè nan kapital peyi Kiba

0

Kapital peyi Kiba, La Avann ap fè fas ak yon gwo kriz jesyon fatra, yon lòt konsekans mank gaz ak moso pyès machin ki bloke zile a. Chak jou, plis pase 30 000 mèt kib fatra ap akimile nan vil la, yon ogmantasyon de 7 000 konpare ak ane pase. Nan katye Cerro, Lissette Valle, yon fanm kay, esplike kijan...

Conille rankontre ak direksyon Sant Nasyonal Ekipman (CNE)

0

Premye Minis Garry Conille te fè yon rankont enpòtan ak Direksyon Jeneral Sant Nasyonal Ekipman (CNE) apre konsèy minis la te siyen yon dekrè ki transfere materyèl enstitisyon sa a bay Lame d Ayiti. Pandan rankont sa a, Premye Minis la te bay asirans ke pèsonèl k ap travay tout bon nan CNE p ap pèdi travay yo. Garry Conille...

Yon kamyon al kraze nan yon biznis alkòl epi touye 11 moun nan Dominikani

0

Dimanch maten nan Repiblik Dominikèn, yon kamyon al frape nan lokal yon komès alkòl nan vil Azua, ki nan lwès kapital la, Santo Domengo. Aksidan an touye omwen 11 moun epi blese plis pase 40 lòt moun, dapre sa otorite lokal yo fè konnen. Pami viktim yo te genyen yon serjan polis, dapre Diego Pesqueira, pòtpawòl polis nasyonal la. Kamyon...

Pwogram Biden: Pwosesis anprent pou esponsò

0

Kèk jou apre Depatman Sekirite Enteryè Etazini (DHS) anonse relansman #Pwogrambiden, yè, 30 Dawout 2024, yon nouvo etap enpòtan te kòmanse nan pwosesis la. Plizyè esponsò ki enplike nan pwogram sa a te resevwa randevou sou kont yo pou y al fè anprent yo. Sa montre yon angajman klè nan men gouvènman ameriken an pou fè pwosesis la mache...

Etazini sezi avyon Prezidan Nicolas Maduro

0

Gouvènman ameriken an anonse lendi 2 septanm ke yo te sezi avyon prezidan Venezyela, Nicolas Maduro, pou vyolasyon sanksyon ameriken. Avyon an, yon Dassault Falcon 900EX, te achte pou 13 milyon dola atravè yon sosyete paravan e te sòti klandestènman nan Etazini pou sèvi Maduro ak patizan li yo. Sezi avyon an fèt nan Repiblik Dominikèn, epi yo te...