Minis Defans Ayiti a di gouvènman an vle fòme 20 000 sòlda pandan senk pwochen ane yo

0

Minis Defans Ayiti a, Jean-Marc Berthier Antoine, te pran lapawòl nan Washington nan Maison des Soldats JID, kote li te mande solidarite kominote entènasyonal la, sitou manm OEA yo, pou ede refonde Fòs Zame Ayiti (FADH). Objektif la se fòme 20 000 sòlda pandan senk pwochen ane yo, avèk 4 000 rekrit chak ane. Gouvènman an vize fè FADH tounen...

Digicel gen gwo pwoblèm. Kab fib optik li koupe nan zòn Akayè

0

Nan yon kominike sou kont Twitter PDG Jean Philippe Brun, Digicel enfòme popilasyon an ke aswè 10è, li sibi 2 koupi sou kab fib li nan zòn Akayè, tou souteren ak ayeryen. Depi semenn sa, gen gwo konfli ki pete ant gang ak lapolis nan zòn sa, kote bandi anvayi Akayè epi tire anpil kout zam lajounen kou lannwit. Koupi...

Edito : Rat kay k ap manje pay kay

0

Si nou fè yon refleksyon tou piti sou pwoblèm nou yo, nou ka konprann yo pa toujou soti deyò, e menm lè sa, yo vin pi grav akòz aksyon nou menm ki lakay. Ann Ayiti, sitiyasyon ekonomik, ensekirite, ak koripsyon ap detwi peyi a chak jou, epi moun ki ta dwe pwoteje li, sove li, se yo menm ki...

Woman lakay :  »JanJan Vòlè Tan »

0

JanJan Vòlè Tan Se jou madi, se jou mache. Nan lari Chansòl, moun ap monte, moun ap desann. Ou ta di foumi fou.    Jean-Michel ap mache pou kont li, 2 men nan pòch, l ap gade moun k ap machande, moun k ap rele vi n achte, moun k ap joure. ‘’Mesye!’’. Yon vwa dous e ki otoritè alafwa, rive pa...

Etazini kondane vyolans gang yo epi mande dirijan ayisyen yo sispann fè chirepit politik

0

Peyi Etazini kondane ak tout fòs li vyolans gang yo k ap kontinye nan Pòtoprens epi ki gen pou objetif destabilize gouvènman an. Misyon MSS lan ak lapolis Ayiti ap mennen operasyon ansanm. Yo reyisi proteje abitan plizyè katye, repouse gang yo, sezi zam epi elimine plizyè nan manm gang yo. Nou kanpe bò kote pèp Ayisyen an, Polis...

Lapolis dominiken touye yon ayisyen nan zòn Bavaro

0

Yon afrontman ki fèt ant Ayisyen ak lapolis nan zòn Bávaro, nan pwovens La Altagracia, Dominikani, lakoz lanmò yon Ayisyen 49 lane ki rele Jems Joacin. Li te blayi sou asfalt la san okenn dokiman idantite sou li. Daprè rapò doktè Polanco Guzmán, Joacin mouri ak yon bal nan bò gòch pwatrin li, ki te antre nan twazyèm espas...

Conille anonse li raple polisye ak sòlda ki te nan pwoteksyon VIP yo pou ranfòse sekirite nan zòn cho yo

0

Nan yon desizyon pou konbat ensekirite ki ap toupizi Pòtoprens ak Latibonit, Premye Minis Garry Conille te anonse, lendi 21 oktòb 2023, rapèl imedyat tout inite pwoteksyon VIP yo pou al ranfòse sekirite nan zòn ki pi frape pa vyolans gang yo. Li di plizyè santèn polisye ak sòlda ki te ap pwoteje pèsonalite enpòtan yo pral deplwaye nan...

Edito : Kaka je pa linèt, fè wè pa janm dire

0

Preske tout dirijan ayisyen toujou mete plis enèji nan kreye yon imaj pase nan fè aksyon ki ka pote chanjman reyèl pou pèp la. Yo pran plezi fè diskou wololoy, pwopagann k'ap fè bri toupatou, epi òganize gwo evènman piblik pou fè pèp la santi gen espwa. Men nan reyalite, chak jou lavi a vin pi difisil. Menm si yo...

Ensekirite : POHDH egzije pou otorite leta yo aji

0

POHDH fè yon radyografi sou sistèm sante a epi fè kèk rekòmandasyon Nan kad angajman li pou defann dwa ekonomik ak sosyal yo, Platfòm Òganizasyon Ayisyen pou Dwa Moun yo (POHDH) fè yon travay obsèvasyon sou sitiyasyon lopital piblik yo nan zòn metwopoliten Pòtoprens nan kontèks ensekirite ak vyolans k ap anvayi peyi a. Nan rapò sa a, POHDH fè apèl...

Gang yo lanse gwo atak sou plizyè katye Pòtoprens

0

Zòn metwopoliten Pòtoprens ap sibi yon nouvo atak gang nan plizyè katye semèn sa a. Atak yo te kòmanse aswè 16 oktòb 2024 nan lari Magloire Ambroise. Dapre temwen yo, bandi yo te anvayi zòn nan, mete dife nan kay, e fòse moun yo kouri kite kay yo. Yon moun, yon chofè moto, te mouri pandan atak la. Nan dat...