Voltaire nan peyi Kolonbi pou patisipe nan COP 16

0

Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT), Leslie Voltaire, pran avyon al Kolonbi, nan vil Cali, pou li patisipe nan Konferans Pati yo (COP 16) kote l’ap reprezante Ayiti. Dapre yon nòt ofisyèl, pandan konferans lan, Voltaire pral re-afime angajman Ayiti nan pwoteksyon anviwònman an e mande plis solidarite entènasyonal kont defi klimatik yo, sitou pou peyi vilnerab yo tankou...

Kèk konpayi avyon sispann vòl sou Pòtoprens apre bandi tire sou yon elikoptè PAM

0

Vandredi 25 oktòb 2024, de gwo konpayi avyon Ameriken, Spirit Airlines ak JetBlue, pran desizyon pou yo sispann vòl yo nan direksyon Pòtoprens. Desizyon sa a vini aprè atak ak kout zam ki te fèt sou yon elikoptè nan zòn Matisan, pandan li t ap transpòte anplwaye ak pasaje Pwogram Alimantè Mondyal (PAM). Se nan moman elikoptè a t...

Inondasyon nan Nòdès : plis pase 2000 kay anba dlo nan Wanament, Ferye ak Gran Basen

0

Gwo lapli ki tonbe jedi 24 oktòb 2024 la frape plizyè komin nan Nòdès, tankou Wanament, Ferye, ak Gran Basen. Responsab Pwoteksyon Sivil la nan zòn nan, Joanis Fleury, prezante vandredi 25 oktòb yon bilans ki montre gwo dega nan zòn sa yo. Dapre Joanis Fleury, plis pase 2,089 kay inonde nan Wanament, Ferye ak Gran Basen, epi yon kay...

Edito : Bon règlèman pa gate zanmi

0

Nan yon peyi kote tout moun ap soufri, kote lavi chak jou ap vin pi difisil, kote manje, sekirite, edikasyon, ak sante se yon wout kwaze pou pifò moun, kisa ki ka rale nou soti nan twou sa a? Eske se pa onètete ak transparans nan men sa yo ki gen pouvwa a? Eske se pa lè chak fonksyonè,...

Gang ame vize machin Anbasad Etazini nan nouvo atak nan kapital la

0

Gangs ame yo te lanse atak sou machin Anbasad Etazini an Ayiti, pandan yon nouvo ofansiv pa yon koalisyon gang pwisan ki kite omwen yon machin blinde ak yon fenèt kraze. Dapre yon sous, Anbasad la ap prepare yon lòt evakyasyon pou anplwaye diplomatik li yo. Pawòl ki soti nan Depatman Deta a konfime ke, lendi, de machin blinde te...

Kanada pral bese kantite imigran l ap resevwa

0

Plan Nivo Imigrasyon 2025-2027 Kanada Gouvènman Kanadyen an anonse Plan Nivo Imigrasyon 2025-2027 ki vize limite kwasans demografik a kout tèm. Sa a se yon mezi pou asire yon kwasans dirab ak byen jere nan tan kap vini an. Atravè plan sa a, gouvènman an ap itilize pwogram ki egziste deja pou asire chak moun, enkli nouvo imigran, jwenn aksè...

Lapolis Miyami arete chantè ayisyen K-Dilak

0

Atis Kadilak arete nan Miami paske li t ap kouri pou yon kontwòl lapolis Chantè ayisyen Joubite Dessalines, aka Kadilak, te arete madi swa nan Miami Beach apre li te refize kanpe pandan yon kontwòl lapolis. Dapre enfòmasyon ki soti sou sit ofisyèl Miami-Dade, Kadilak te vyole lwa sikilasyon lè li te eseye chape poul li, malgre sirèn ak limyè...

FHF : dènye rasanbleman Gwoup C nan Lig B Lig Nasyon KonkaKaf la ap fèt Pòtoriko

0

Chanjman peyi pou dènye rasanbleman Gwoup C nan Lig B Lig Nasyon KonkaKaf la Federasyon Foutbòl Ayisyen an (FHF) fè konnen ke dènye rasanbleman Gwoup C nan Lig B Lig Nasyon KonkaKaf la, ki te dwe fèt nan Matinik, pral finalman dewoule nan Mayagüez, Pòtoriko. Desizyon sa a te pran pou rezon ki depase kontwòl FHF. Seleksyon nasyonal Pòtoriko, Sint Maarten,...

Lapolis touye plis pase yon kenzèn bandi nan Akayè ak Ba Latibonit

0

Plis pase yon kenzèn bandi mouri nan operasyon lapolis nan zòn Latibonit ak nan vil Akayè. Dapre yon nòt lapolis, ajan inite espesyalize yo te ranfòse sekirite nan komin sa yo pou rache kontwòl nan men gang ame yo ki te eseye anvayi vil la. Operasyon sa yo kontinye ak fòs espesyal tankou SWAT ak UDMO ki te patisipe...

Minis Franck nan peyi Kolonbi pou patisipe nan 22zyèm Konferans Minis Travay nan kontinan ameriken an

0

Minis Afè Sosyal ak Travay, Georges Wilbert Franck, vwayaje nan peyi Kolonbi semèn sa a pou patisipe nan 22zyèm Konferans Entèamerikèn Minis Travay Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA), ki ap fèt nan Bogotá, 23 ak 24 oktòb 2024. Nan konferans sa a, minis yo ap diskite sou gwo defi travay nan kontinan an, tankou pwogrè entèlijans atifisyèl, chanjman klimatik, ak...