Conille pwomèt ke anvan fen ane a, moun ap ka monte desann nan peyi a pi fasilman

0

Premye Minis Garry Conille, ansanm ak manm gouvènman an, te lanse "Fowòm Sitwayen" nan samdi 2 novanm 2024 nan komin Kenscoff. Pandan premye "Forum Sitwayen" an, Premye Minis la te reponn kesyon sou devlopman komin Kenscoff, relasyon Primati a ak Konsèy Prezidansyèl Transisyon an (CTP), rimè sou prezans mesenè sou tè nasyonal la, kriz sekirite ak migrasyon, piblikasyon Akò...

Salvador ap voye militè pou soutni Misyon sekirite ann Ayiti

0

Palman Salvador ratifye, mèkredi 30 oktòb 2024, yon akò pou voye yon kontenjan militè nan kad Misyon Multinasyonal Sipò pou Sekirite (Mmas) an Ayiti, dapre sa ajans AlterPresse fè konnen. Twoup salvadoryen yo pral gen pou fè evakyasyon medikal epi fasilite aksyon gouvènman an ak Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH), selon akò sa a ki te resevwa 57 vwa sou...

Renn chantrèl | Vwa Toto Bissainthe make kilti Ayisyen pou toutan

0

Marie Clotilde "Toto" Bissainthe, ki fèt an 1934 nan Kap Ayisyen, Ayiti, epi ki mouri 4 jen 1994 nan Petyonvil, se te yon chantèz, konpozitris ak aktris ki make istwa kiltirèl peyi a. Avèk yon melanj inovasyon mizik tradisyonèl, aranjman modèn, ak tèks ki touche nanm, Toto fè lwanj pou lavi, difikilte, ak espirityalite pèp ayisyen an, espesyalman klas...

Konseye-Prezidan, Frinel Joseph, retounen Pòtoprens apre yon vwayaj Etazini

0

Konseye-Prezidan, Doktè Frinel Joseph, retounen nan peyi a jounen ki samdi 2 novanm 2024 la apre l fin patisipe nan travay Komisyon Veniz te òganize nan peyi Etazini, sou inisyativ OEA soti 28 pou rive 30 oktòb 2024. Konseye-Prezidan an te fè plizyè rankont, sitou ak otorite OEA yo, pou diskite sou plizyè pwen tankou: #Ensekirite, #Referandòm ak #Eleksyon. Konsèy...

Gang yo monte nivo vyolans la nan Pòtoprens

0

Ayiti : Ogmantasyon vyolans geng nan Pòtoprens Pòtoprens ap fè fas ak yon ogmantasyon grav nan vyolans gang ki k ap simaye latwoublay nan tout kapital la. Sèlman ant mwa Jiyè ak Septanm 2024, plis pase 1 740 moun pèdi lavi yo oswa blese, sa ki reprezante yon ogmantasyon 30% konpare ak trimès anvan an, dapre Nasyonzini. Dapre BINUH (Biwo Nasyonzini...

Otorite ameriken depòte 135 Dominiken ki te kondane pou krim Etazini

0

Santo Domingo - Yè, sèvis imigrasyon Etazini voye tounen yon gwoup 135 dominiken ki te fini santans yo pou divès krim. Depi kòmansman mwa Oktòb 2024, sa fè yon total 405 dominiken ki te depòte apre yo fin sèvi tan nan prizon pou vyolasyon lalwa ameriken. Dapre enfòmasyon estatistik yo, kantite moun Etazini depòte nan ane sa a rive...

Chirepit ant CPT ak Conille la ka kraze tranzisyon an, dapre Karikòm

0

Chirepit ki genyen ant Konsèy Prezidansyèl Transizyon (CPT) ak Primati a mete an danje pwosesis tranzisyon peyi a, dapre sa Kominote Karayibeyen an (KARIKOM/CARICOM) fè konnen. Apre plizyè avètisman ki te soti bò kote ofisyèl ameriken, se KARIKOMki pran lapawòl pou mande CPT ak Premye Minis Garry Conille pou mete enterè popilasyon an an premye. Nan yon deklarasyon KARIKOM pibliye...

Ava Lee pran yon lòt meday pou Ayiti

0

Taekwondo: Yon Meday Ajan pou Ava Lee nan Konpetisyon Dracula Open nan Woumani Ava Lee, yon atis masyal ayisyèn, fè fyète peyi a ankò lè li ranpòte yon meday ajan nan konpetisyon Dracula Open nan Woumani, dimanch 27 oktòb 2024. Apre li te rive nan final la nan kategori -73 kg, Ava te fè fas ak Nadja Tesic, yon atlèt...

Edito : Yon jou pou chasè, yon jou pou jibye

0

Pèp ayisyen an ap soufri, kraze anba pye, tan kou sezon lapli, anba men gang k ap fè lalwa nan katye yo, ak dirijan k ap fè dechepiye nan richès peyi a san kè sote. Nou santi san pèp la ap koule chak jou pi plis, pandan ke se grangou, mizè, e pè ki tounen sòti nou. Nou jwenn...

Plis pase 22 000 moun oblije kite Akayè akoz vyolans gang, dapre OIM

0

Dapre Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon (OIM), 21 770 moun, swa 5 384 fanmi, te oblije deplase ant 10 ak 26 oktòb 2024 akoz vyolans gang nan komin Akayè. Nan kantite sa yo, 63% jwenn refij lakay fanmi, pandan ke 37% abite nan dis abri pwovizwa ki te etabli pou ede moun ki viktim yo. Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) anonse...