Trump di li pap kandida ankò an 2028 si l pèdi eleksyon 2024 sa
Eleksyon Prezidansyèl 2024: Trump pa pral kandida an 2028 si li pèdi nan mwa novanm Donald Trump fè konnen pandan yon entèvyou ki te pase dimanch li pap kandida nan eleksyon prezidansyèl ameriken 2028 si li pèdi eleksyon nan mwa novanm. Nan entèvyou a sou emisyon Full Measure, kandida repibliken an, ki gen 78 ane, di: «Non, mwen pa wè tèt...
Ayiti – Nasyonzini : Leslie Voltaire anonse se li ki ap dirije delegasyon ki ale Nouyòk la
Leslie Voltaire anonse sou Twitter ke, nan plas Edgard Leblanc, se li ki dirije delegasyon Ayiti a nan Nouyòk nan kad 79yèm sesyon Asanble Jeneral Nasyonzini an. Voltaire deklare ke pandan yon reyinyon pwodiktif avèk sekretè jeneral LONI an, Antonio Guterres, yo te diskite sou sijè kle pou Ayiti: kriz alimantè a, sekirite, sitiyasyon politik, ekonomik ak sosyal la, òganizasyon...
Gouvèman Conille la mande viktim vyolans yo kite lekòl kote yo te al refije
Gouvènman Gary Conille lan lanse yon operasyon pou rekipere lekòl nasyonal ak lise ki te okipe pa deplase depi plis pase yon lane akòz vyolans gang ame nan plizyè katye nan zòn metwopoliten an. Pandan ke rantre lekòl la fikse pou 1ye oktòb, otorite yo ap fè tout efò pou asire rekòmanse klas yo nan lekòl piblik ki te...
Jean Philippe Brun deklare ke se sabotaj ki fèt sou ekipman Digicel yo nan Kaliko Beach
Jean Philippe Brun, direktè jeneral Digicel, fè konnen samdi 14 septanm pase a, kab entènasyonal anba lanmè ki konekte ak sant done Digicel nan Kaliko Beach Club te sibi yon sabotaj entansyonèl. Li eksplike ke gouvènman an te deklare pwoblèm nan kòm yon ijans nasyonal e bay lapolis ak lajistis lòd pou bay aksè sou sit la pou ekip...
Prezidan Kenya a anonse li pral voye 600 lòt polisye ann Ayiti
600 polisye kenyan anplis pral vin ranfòse misyon miltinasyonal sekirite a Samdi 21 septanm nan, pandan yon vizit britsoukou li fè ann Ayiti, prezidan Kenya a, William Ruto, anonse ke 300 polisye k ap soti Kenya pral deplwaye an oktòb, epi 300 lòt pral vini nan mwa novanm pou ogmante kapasite misyon miltinasyonal sekirite a nan resous imen. « Rapò...
Kondisyon lavi ann Ayiti makawon anpil, dapre espesyalis Nasyonzini, William O’Neil
Apre yon vizit 12 jou ann Ayiti, espesyalis dwa moun Nasyonzini William O’Neill dekri yon tablo makawon. Pandan yon konferans pou laprès nan Pòtoprens, li esplike sitiyasyon sekirite a rete pi enkyetan. Malgre yon anbago entènasyonal, zam ak minisyon kontinye antre ilegalman nan peyi a, sa ki pèmèt gang yo fè gwo atak epi pran plis kontwòl sou nouvo...
Leslie Voltaire pran defans 3 manb CPT sispèk nan dosye BNC a
Achitèk Lesly Voltaire pa dakò ditou pou moun mande pou mete twa konsèyè ki enplike nan eskandal BNC a sou kote anvan ULCC bay konklizyon ankèt li a. Nan mikwo jounalis radyo Magik9 yo, reprezantan pati Fanmi Lavalas nan CPT a deklare ke pa gen okenn lwa ki pèmèt yo retire yon konseye san prèv. Pou ansyen minis lavalas...
BRH : Plizyè santèn biznis pa ka peye dèt yo labank akoz ensekirite
Kriz Sekirite a frape sistèm finansye Ayiti a rèd Kriz ensekirite kap devlope ann Ayiti a afekte anpil sistèm finansye peyi a. Plizyè santèn biznis paka rive peye prè yo te prete nan enstitisyon finansye yo. Dapre rapò, gen 59 branch bank komèsyal ki sispann fonksyone akoz yo te kraze, piye, oubyen fèmen. Anplis, plis pase 122 milya goud prè...
Yon sourit lage panik nan yon avyon nan peyi Nòvèj
Nòvèj: Yon avyon oblije fè aterisaj apre dekouvèt yon sourit a bord Yon evènman dwòl te pase mèkredi pase a sou yon vòl konpayi avyon SAS ki t ap soti Oslo pou ale Malaga. Avyon an te oblije fè yon aterisaj ijan nan vil Copenhagen apre yo te dekouvri yon sourit nan manje yon pasaje. Dapre yon pòtpawòl konpayi an,...
Vyolans nan Santo-Domingo : gang antre nan plizyè lekòl, minis enteryè dominiken mande ankèt
Ministè Enteryè ak Polis bay lòd pou mennen ankèt sou enplikasyon gang yo nan lekòl nan minisipalite Santo Domingo Nò. Ministè a resevwa plent ki soti nan zòn Los Guarícanos ak Sabana Perdida, kote kominote yo di gen gang ki ap opere nan lekòl yo, mete timoun yo nan vòl ak atak, epi foure fi yo nan relasyon seksyèl...





































