Gouvèman tranzisyon an pral pibliye arete ki nonmen yon Konsèy Elektoral ki manke moso
Gouvènman ayisyen an pibliye yon lis 7 pèsonalite ki dwe fè pati pwochen Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP). Yo chwazi pèsonalite sa yo nan yon Konsèy minis ki te fèt yè, mèkredi. Nan lis sa a, nou jwenn: Jaccéus Joseph (sektè peyizan), Snaida Adely (sektè vodou), pastè Peterson Pierre-Louis (sektè pwotestan), Patrick Saint-Hilaire (Legliz Katolik), Florence Mathieu (inivèsite), Nemrod Sanon...
Gadkòt meriken sove 11 migran ayisyen
Ekip gadkòt meriken Cutter Richard Dixon sove 11 migran ki te kite sou Monito, yon zile san moun nan Rezèv Natirèl Monito, samdi pase. Sa fèt an kolaborasyon ak patnè nan Gwoup Entèajans Fronnyè Karayib la (CBIG). Lyetnan Peter Diamontopulos, kòmandan Cutter Richard Dixon, te eksprime fyète li pou kapasite ekip li a pou sove migran yo nan yon anviwònman...
Bolivi : ansyen prezidan Evo Morales fè gwo manifestasyon kont prezidan Luis Arce
Plizyè milye patizan ansyen prezidan Evo Morales lanse yon mach madi pou ale nan kapital La Paz, Bolivi. Mach sa fèt nan yon moman kote peyi a ap fè fas ak yon kriz ekonomik. Prezidan Luis Arce ak gouvènman li te denonse mach sa kòm yon "tantativ pou fè kou deta". Nan ti vil Vila Vila, anviwon 5000 patizan Morales...
Nouyòk : Ayisyen pral manifeste kont pawòl rasis ekip Trump la
Plizyè lidè nan kominote ayisyèn Nouyòk lanse yon mouvman pou manifeste kont diskou rasis kap soti nan ekip Donald Trump lan. Nan ekip sa a, yo site J.D. Vance, Donald Trump Jr, ak kandida a li menm, Donald Trump. Manifestasyon sa a ap fèt 18 septanm k ap vini an nan Long Island, menm jou kote Trump gen plan...
Eskandal pi rèd nan pati EDE Caude Joseph la
Yon lòt eskandal pete nan pati politik EDE, ke ansyen premye minis Claude Joseph te fonde, pandan lajistis nan Miragwàn lage yon manda arestasyon kont Claude Edouard, sekretè jeneral pati a. Daprè nouvèl ki sòti, manda sa a te lage sou baz "abi konfyans" nan dat 8 jiyè 2024, nan yon dosye ki enplike Noël Sherley, yon sitwayen ki...
Ayiti : 6èm edisyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl la ap fèt soti 3 pou rive 8 desanm
Festival Entènasyonal Literati Kreyòl 2024 Sizyèm edisyon Festival Entènasyonal Literati Kreyòl la ap fèt ann Ayiti soti 3 pou rive 8 desanm 2024. Festival sa gen yon misyon espesyal pou fè pwomosyon ak valorize aktivite literè kreyòl yo. Li se yon inisyativ ekriven Anivince Jean Baptiste ansanm ak lòt patnè, ki vle pote limyè sou pwezi ak literati kreyòl la. Festival...
Premye pitit gason Trump deklare se Ayisyen ki mwens entèlijan sou planèt la
Don Jr. tonbe nan kòmantè rasis kont Ayisyen yo Nan yon kontèks kote deklarasyon Donald Trump sou Ayisyen ki ta sipozeman ap vòlè ak manje chen ak chat kay moun yo nan yon vil Ohio kontre ak bon jan demati, pitit gason ansyen prezidan an, Donald Trump Jr., ajoute pwòp kòmantè rasis li yo kont imigran Ayisyen yo, dapre sa...
Conille Mande solidarite pou viktim eksplozyon kamyon gaz nan Miragwàn »
Premye Minis Garry Conille eksprime tout emosyon li ak solidarite li pou viktim eksplozyon trajik yon kamyon sitèn nan Miragwàn ki touye anviwon 24 moun epi blese karant lòt. Pandan yon operasyon ijans, li te pran elikoptè Nasyonzini pou ede evakye kèk moun ki te blese grav nan lopital. Chèf gouvènman an te anonse pandan vizit la ke leta ap...
Miragwan : yon kamyon gaz pran dife, anviwon 16 moun mouri
Samdi 16 septanm, yon kamyon gaz eksploze nan zòn Nip yo, lakòz lanmò omwen 16 moun ak blese yon karantèn lòt, daprè Fidel Nicolas, responsab Pwoteksyon Sivil. Temwen yo deklare eksplozyon an rive lè plizyè moun t ap eseye ranmase gazolin ki t ap koule nan sitèn kamyon an ki te domaje apre yon aksidan nan Miragwàn, yon vil...
Peyi Benin di se militè pou ki debake vin twoke kòn ak bandi ann Ayiti
Peyi Benin, ki te pwomèt voye ant 1,500 ak 2,000 sòlda pou ede Ayiti konbat gang vyolan, ap fè fas ak yon sitiyasyon konplike. Selon Minis Afè Etranjè Benin, Shegun Adjadi Bakari, pwoblèm prensipal la se si sòlda Benin yo ap reponn devan yon kòmand militè oswa yon kòmand polis. Bakari fè konnen, "Nou toujou angaje pou ede Ayiti,...





































