Otorite peyi Kiba di yo pèdi 5 milya dola sou yon lane akoz anbago a

0

Anbasadè Kiba a fè konnen ke blokis Etazini kont peyi a lakòz plis pase senk milya dola pèt ekonomik nan yon sèl ane. Dapre Minis Afè Etranjè Kiben an, Bruno Rodriguez, blokis la te fè Kiba pèdi 5,056 milya dola nan peryòd 1ye mas 2023 pou rive 29 fevriye 2024. Minis la kritike politik blokis administrasyon Joe Biden an ki...

Tribinal kondane chèf polis Kenya pou pase 6 mwa nan prizon

0

Tribinal nan peyi Kenya kondane Gilbert Masengeli, chèf polis pwovizwa peyi sa, pou pase 6 mwa nan prizon paske li te refize plizyè fwa temwaye nan yon ka kote twa mesye yo akize polis kenbyen yo. Jij Lawrence Mugambi te bay Masengeli sèt chans pou l parèt nan tribinal pou l eksplike kote twa mesye sa yo, men...

Site Solèy : plizyè moun mouri pandan 2 gang pete goumen

0

2 gang simen zam youn sou lòt aore yon match foutbòl Nan apremidi mèkredi, gwo batay pete ant gang Simon Pelé ak katye Boston nan Site Solèy. Batay sa a fèt akoz youn nan gang yo, ki fè pati kowalisyon Viv Ansanm, pa t vle aksepte rezilta yon match foutbòl. Daprè enfòmasyon yo, gen plizyè moun ki pèdi lavi yo nan...

Ayisyen dwe leve kanpe kont kanpay rayisman nan Ohio

0

Nan Springfield, Etazini, nou ap obsève yon vag rayisman kont kominote Ayisyen ki ap pran jarèt nan mitan kanpay elektoral ki ap dewoule. Pandan Donald Trump ak JD Vance ap chèche ranmase vòt pou prezidan, yo pa ezite reprann pawòl rayisab ki vize Ayisyen yo. Blag kache, diskou subtiman rasis, epi atak dirèk yo fè pati yon estrateji ki...

Anbasadè Kanada a nan Nasyonzini avwe « Pòtoprens toujou anba kontwòl gang »

0

"Pòtoprens toujou anba kontwòl gang", daprè Bob Rae, anbasadè Kanada nan Nasyonzini Malgre kèk avans nan kontwòl enfrastrikti enpòtan yo, tankou èpòt la, sitiyasyon Ayiti rete kritik, daprè anbasadè Kanada a nan Nasyonzini, Bob Rae, ke jounal La Presse rapòte. Nan yon vizit resan sou zile a, Rae te note ke, pandan mache yo louvri epi kèk sèvis rekòmanse, Pòtoprens...

Etazini deklare li bay deja 34 machin MaxxPro pou ede ranfòse sekirite ann Ayiti

0

Anbasad Etazini fè konnen ke yo deja livre 34 machin MaxxPro bay Ayiti pou ede ranfòse sekirite nan peyi a. Machin sa yo gen kapasite pou reziste kont min ak anbiskad. "Depi premye kontenjan fòs sekirite miltinasyonal te rive nan Pòtoprens nan mwa jwen, gen kèk pwogrè ki fèt nan batay kont ensekirite a", si nou rive kwè misyon...

Lig Nasyon Konkakaf : Ayiti devore Sint Maarten 6-0

0

Lendi 9 septanm 2024, Ayiti ranpòte yon kokenn chenn viktwa 6-0 sou Sint Maarten nan Mayagüez, Pòtoriko, nan dezyèm match yo nan Lig Nasyon Konkakaf la. Apre bèl viktwa 4-1 kont Pòto Rico vandredi pase a, Grenadye yo kontinye ap briye. Duckens Nazon make yon triple (59’, 75’, 82’), Mikael Gabriel Cantave ajoute 2 gòl (77’, 85’) epi Christopher Attys...

Eskandal BNC : Plizyè pati mande demisyon 3 konseye sispèk yo

0

Eskandal koripsyon ki enplike twa manm Konsèy Prezidansyèl la bay yon opòtinite pou pote chanjman nan gouvènans peyi a, selon Jean William Jeanty, responsab Kontra Pèp la. Ansyen senatè Nip yo, ki toujou ap milite pou bon jan gouvènans, kwè ke Louis Gérald Gilles, Smith Augustin, ak Emmanuel Vertilaire ta dwe retire definitivman nan Konsèy la pou retabli konfyans...

Eskandal Koripsyon BNC-CPT : ULCC envite direktè Pierre-Louis pou fè yon fasafas ak 3 konseye sispèk yo

0

Eskandal/BNC: Raoul Pierre Louis envite pou l fè fas ak Prezidan-Konsèy Louis Gérald Gilles, Emmanuel Vertilaire, ak Smith Augustin nan ankèt koripsyon BNC a Nan kad ankèt sou dosye koripsyon nan Bank Nasyonal Kredi (BNC), Raoul Pierre Louis, ULCC (Inite Lit Kont Koripsyon) envite ansyen direktè jeneral bank lan pou l fè fasafas ak konsèy prezidan Louis Gérald Gilles, Emmanuel...

Ansyen depite Jean-Robert Bossé retire kò li nan pati OPL

0

Ansyen depite Jean-Robert Bossé anonse li retire kò li nan pati politik OPL (Òganizasyon Pèp Kap Lite). Nan yon lèt piblik, Jean-Robert Bossé fè konnen li te pran desizyon sa a aprè anpil refleksyon ak fristrasyon pou mank pwogrè nan pati a. Nan lèt li a, li te eksprime dezakò li avèk sityasyon OPL k ap fè fas ak blokaj...