Lapolis Sen Mak arete Pierremont Cétoute pou vyòl ak detounman minè
Lapolis nan komin Sen Mak arete Pierremont Cétoute pou vyòl ak detounman minè Lapolis nan komin « Saint-Marc », depatman latibonit, mete anba kòd mèkredi 18 Septanm 2024 la, Pierremont Cétoute pou vyòl ak detounman minè. Pierremont Cétoute k ap viv nan komin « Saint-Marc » nan yon lokalite ki rele Maya avwe li gen abitid kouche pwòp pitit fi l...
Konfli nan mitan pouvwa a menase tranzisyon an, dapre pati OPL
Nan yon nòt pou laprès OPL pibliye lendi 23 septanm 2024, Òganizasyon Pèp an Lit (OPL) kondane dérive politik ki fè Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (CPT), Edgard Leblanc Fils, anile vwayaj li pou patisipe nan 79yèm Asanble Jeneral Nasyonzini an. OPL di sitiyasyon sa a se pa sèlman yon imilyasyon pou CPT a, men yon refleksyon konfli entèn...
Apre atak ekip Trump la, lavi a vin difisil anpil pou Ayisyen nan Springfield, Ohio
Apre deklarasyon rasis ke Donald Trump ak JD Vance fè sou kominote imigran ayisyen nan Springfield, Ohio, anpil Ayisyen nan zòn nan santi yo pè pou soti deyò. Òganizasyon charitab St. Vincent de Paul, ki toujou te ede imigran yo san pwoblèm, oblije chanje mezi sekirite yo pou pwoteje anplwaye yo ak moun ki vin chèche èd. Casey Rollins, direktè...
OPC mande Konsèy Prezidansyèl la respekte nominasyon Gédéon Jean nan KEP a
Ofis Pwoteksyon Sitwayen an (OPC) eksprime gwo preokipasyon li poutèt non reprezantan sektè dwa moun ak fanm yo poko pibliye nan Konsèy Elektoral Pwovizwa (KEP), selon arete prezidansyèl ki te sòti 19 septanm 2024 la. OPC mande Konsèy Prezidansyèl Transisyon an (KPT) pou konplete lis manm KEP la, epi respekte nominasyon Gédéon Jean, ke majorite òganizasyon dwa moun yo...
Dominiken yo di y ap kontinye bati miray la pi rèd sou fwontyè ak Ayiti
Gouvènman Repiblik Dominikèn anonse li pral kontinye bati miray sou fwontyè ki separe Ayiti ak Dominikani pandan kat lane kap vini yo. Vandrèdi 21 septanm 2024, Minis Prezidans lan, José Ignacio Paliza, fè konnen prezidan Luis Abinader angaje li pou fini pwojè sa a. Dapre Paliza, miray la ap ede ranfòse sekirite sou fwontyè a epi soutni efò Ministè...
‘Citoyen Debout’ mande pou redwi Konsèy Prezidansyèl la a 3 manb sèlman
Debout Citoyen mande pou yon Konsèy Prezidansyèl redwi ak yon gouvènman sovtaj nasyonal Fas ak enkapasite Konsèy Prezidansyèl ak gouvènman an pou yo kòmanse pote solisyon nan pwoblèm ijan pèp la, ansanm ak eskandal ki genyen sou do kèk otorite, gwoup politik Debout Citoyen ap pwopoze pou yo redwi kantite manm nan Konsèy Prezidansyèl la a twa. Yo mete devan...
Leslie Voltaire pran gwo wont nan LONI
Leslie Voltaire pase anpil mizè pou te kapab rankontre Prezidan Lula, men se Conille ki ranpòte lamayòl la. Konseye a fache, li di gen tèt ki pral koupe Lendi 23 septanm 2024, Leslie Voltaire, yon manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (CPT), fè fas ak yon sitiyasyon malouk pandan li t ap eseye patisipe nan yon reyinyon ant prezidan brezilyen an,...
Leblanc konfime l ap nan Nasyonzini jedi k ap vini an
Prezidan Konsey Presidansyèl Tranzisyon an, Edgard Leblanc Fils konfime ke l ap nan Nasyonzini "Nan 79yèm sesyon Asanble Jeneral Nasyonzini an, jedi 26 septanm, m ap pote pawòl pèp ayisyen an kòm chèf delegasyon ayisyen an," se sa prezidan CPT a, Edgard Leblanc Fils, te poste sou Twitter. Apre Depatman Deta ameriken te refize bay pwoteksyon diplomatik VIP pou prezidan Konsèy...
« Zelensky prezante ‘Plan viktwa’ li Ozetazini »
Prezidan Ikrenyen Volodymyr Zelensky te rive Ozetazini pou kontinye vizit li kote l ap prezante "plan viktwa" li bay Prezidan Joe Biden ak Kongrè a. Plan sa a vize mete fen nan envazyon Larisi nan peyi li. Dimanch, lè Zelensky te fèk debake, li te vizite yon faktori zam nan Pennsylvania, kote y ap fabrike obis 155 mm ke Ikren...
Liban: 274 moun mouri nan divès atak Izrayèl
Liban: 274 moun mouri nan atak Izrayèl yo, plizyè milye fanmi oblije kite kay yo Nan Beyrouth, move frap izrayelyen yo kont Liban te lakoz lanmò 274 moun, ladan yo 21 timoun. Minis Sante Liban an, Firass Abiad, te fè konnen plizyè milye fanmi te oblije kite kay yo. Gen plis pase 5000 moun ki blese nan mwens pase yon...





































