Meksik : Premye fanm prezidan, Claudia Sheinbaum prete sèman jodi a
Claudia Sheinbaum se premye fanm ki prezidan nan listwa Meksik. Li te ofisyèlman pran pouvwa a madi 1ye oktòb 2024, apre Andres Manuel Lopez Obrador. Ansyen majistra vil Meksiko a, Sheinbaum, genyen eleksyon prezidansyèl la avèk plis pase 60% vwa yo. Nan diskou li, li deklare: "Mwen se manman, grann, syantis, e kounye a, pa volonte pèp Meksik la,...
Gouvènman an anonse yon dividal mezi pou rantre lekòl la
Rantre Lekòl 2024: Gouvènman an pran mezi pou sekirite ak relokalizasyon elèv yoNan kad rantre lekòl ki fikse pou madi 1ye oktòb 2024, Minis Jistis ak Sekirite Piblik la, Mèt Carlos Hercule, ansanm ak Minis Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl la, Augustin Antoine, te bay yon konferans pou laprès samdi 28 septanm. Yo te pale sou mezi yo pran...
Grangou nan vant rive nan yon nivo tèt chaje ann Ayiti
Ann Ayiti, plis pase 5.4 milyon moun ap lite chak jou pou jwenn manje, daprè yon rapò Pwogram Alimantè Mondyal (PAM), ki di peyi a fè fas ak yon grangou san parèy. Nan mitan kriz sekirite a, 2 milyon moun ap viv nan yon sitiyasyon ijans, kote yo gen pwoblèm grav pou jwenn manje ak dlo, sa ki lakoz...
Nasyonzini pran sanksyon kont ansyen depite Prophane Victor
Lendi 30 septanm 2024, Nasyonzini anonse sanksyon kont ansyen depite Prophane Victor poutèt li mele nan trafik zam. Dapre rapò yo, Prophane Victor te sèvi ak vyolans pou jwenn avantaj politik. Li vin premye ansyen palmantè Ayiti ki resevwa sanksyon nan men Nasyonzini. Prophane Victor te deja anba sanksyon Etazini, ansanm ak Luckson Elan, chèf gang "Gran Grif" ki nan...
Omwen 200 moun mouri nan inondasyon nan peyi Nepal
Lapli dilivyen ki tonbe sou Nepal akòz sezon mouson an lakoz gwo inondasyon ak glisman tè ki fè omwen 200 moun mouri, daprè sa Ministè Enteryè peyi a anonse lendi 30 septanm 2024. "Chif nou genyen jiskaprezan montre 200 moun mouri, 127 blese, epi 26 toujou disparèt," daprè pòtpawòl ministè a, Rishi Ram Tiwari. Inondasyon an afekte pati lès ak sant...
Anbasad Amerikèn prezante 3 diplomat ki fenk vini Pòtoprens
Anbasad Etazini an nan Pòtoprens te òganize yon resepsyon dimanch 29 septanm nan Karibe Convention Center pou akeyi twa nouvo diplomat ameriken yo ki fèk afekte nan peyi a. Evènman sa, ke Doktè Joel Lorquet te anime, te reyini plizyè jounalis ak responsab medya lokal yo. Twa diplomat yo se: Christopher S. Machin: Responsab Zafè Piblik Amparo Garcia: Atache Laprès Elena (Beth)...
Etazini : yon goudougoudou 4.2 frape Kalifòni
Yon tranblemanntè mayitid 4.2 frape yon pati nan sant Kalifòni dimanch maten byen bonè, daprè sa Enstiti Jeyolojik Etazini rapòte. Goudougoudou a te fèt a 2 è 47 nan maten, lè lokal, anviwon 3.2 kilomèt nan nòdwès Aromas, ak yon pwofondè de 7.4 kilomèt, daprè ajans syantifik la sou sit entènèt li. Jiska kounye a, medya lokal yo rapòte ke pa...
Panik nan Ohio : yon òganizasyon deside trennen Trump ak Vance devan lajistis
Yon òganizasyon ameriken ki reprezante kominote Ayisyèn nan, Haitian Bridge Alliance, depoze plent kont Donald Trump ak JD Vance pou menas ak dezòd nan Springfield, Ohio. Yo akize ansyen prezidan an ak senatè a pou yo te simaye fo akizasyon sou imigran pandan yon deba prezidansyèl. Haitian Bridge Alliance fè konnen Trump ak Vance te difize fo alèt, fè menas...
Supplice di Konsèy Prezidansyèl la gen yon bilan negatif
Professeur inivèsite ak sosyològ, Daniel Supplice, te fè yon bilan negatif sou senk premye mwa nan jesyon Konsèy Prezidansyèl Transisyon an, nan emisyon radyo Galaxie nan dat 25 septanm. Daprè li, otorite yo pa jwenn fòmil ideyal pou rétabli kalm ak serenite nan peyi a. Daniel Supplice te fè lwanj efò polis la ak Fòs Armées d'Ayiti pou limite...
Etazini pran sanksyon kont ansyen depite Prophane Victor ak chèf gang Luckson Elan
Gouvènman ameriken pran sanksyon kont yon ansyen politisyen ayisyen, Prophane Victor, ak chèf gang Gran Grif, Luckson Elan, pou wòl yo nan vyolasyon dwa moun ann Ayiti. Victor te ede fòme, sipòte, epi ame gwoup gang ki enplike nan zak vyolans grav nan peyi a. Nan Depatman Latibonit, Luckson Elan dirije yon gwoup ki komèt zak vyolans ekstrèm kont...





































