Etazini pap pwolonje estati legal pou moun pwogram Biden yo
Gouvènman Etazini anonse li pap pwolonje estati legal pou plizyè santèn milye migran ki te rive nan peyi Etazini, apati yon pwogram Biden te lanse pou fè diminisyon nan kantite moun kap travèse fwontyè san otorizasyon. Migran ki te antre anba pwogram sa ap oblije chèche yon lòt fason pou jwenn estati legal, kite peyi a, oswa fè fas...
Resansman kontraktyèl Leta: Gouvènman an pwolonje dat enskripsyon anliy yo
Daprè sa Premye Minis Garry Conille pibliye sou rezo sosyal, plis pase 13 000 moun deja enskri sou platfòm nimerik OMRH la nan kad resansman pèsonèl kontraktyèl 2023-2024 la. Chèf Primati a esplike ke resansman sa a ap ede pou renouvle kontra yo pi vit e pi byen, jan administrasyon piblik la mande sa. Men, akòz pwoblèm rezo entènet la...
Edito : « Nen pran kou, je kouri dlo »
Editoryal: "Nen pran kou, je kouri dlo" : Doulè pataje yon sosyete k ap soufri Pwovèb ayisyen an ki di "Nen pran kou, je kouri dlo" gen yon gwo verite sou fondamantal moun. Lè nen an pran yon fwap, se je ki vide dlo. Imaj sa depase reyaksyon fizik la, li se yon metafò pou reyalite sosyal, politik ak ekonomik...
Okay : 2 moun mouri nan yon aksidan avyon
Yon avyon prive tonbe nan Miserne, nan zòn Okay, jodi jedi 3 oktòb 2024 la. Avyon an te dekole nan ayewopò Antoine Simon bò 11è nan maten, men kèk minit apre, li fè aksidan nan yon jaden tou pre vil la. Nan dram sa a, de moun pèdi lavi yo, epi ekip sekou yo rive retire kadav yo nan...
Omwen 11 moun mouri nan yon atak gang Savien sou popilasyon Pont-Sondé
Nan lannwit mèkredi 2 pou rive jedi 3 oktòb 2024, gang Gran Grif ki soti Savien atake zòn Pont-Sondé, ki pa lwen vil Sen-Mak, kote yo touye omwen 11 moun e blese grav plis pase 20 lòt. Luckson Élan, chèf gang lan ak akolit li yo, boule plizyè kay epi egzekite moun san yo pa pran an konsiderasyon laj...
Dominique Dupuy pa mete pye nan konvokasyon CPT a
Nan yon reyinyon ki fèt apre yon konvokasyon Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (CPT) pou Minis Afè Etranjè Dominique Dupuy, Premye Minis Garry Conille mete manm konsèy yo nan plas yo. Konvokasyon sa a te fèt apre eksplikasyon Dupuy te bay sou patisipasyon Ayiti nan 79yèm Asanble Jeneral Nasyonzini pa t satisfè manm yo. Malgre sa, Dominique Dupuy pa reponn konvokasyon...
Men kantite lajan Leta bay yon manm Konsèy Prezidansyèl la
Nan kad yon ankèt sou eskandal BNC a, ULCC te fè konnen salè ak avantaj Konsèyè Smith Augustin nan rezime egzekitif yo. Pandan depozisyon l', Komisyon an te mande pou l' detaye avantaj li yo. Men repons li: salè de 220,000 goud, yon chèk ki reprezante yon tyè (1/3) salè a kòm fonksyònman, 400,000 goud pou rezidans, ak 25...
Pouvwa tranzisyon an adopte yon bidjè ki depase 323 milya goud pou ane 2024-2025 la
Otorite peyi a adopte yon bidjè ki rive plis pase 323 milya goud pou ane fiskal 2024-2025. Nan bidjè sa a, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) resevwa plis pase 42 milya goud. Bidjè a ap pèmèt rekritman ak fòmasyon nouvo pwofesè, distribisyon liv lekòl, epi ranfòsman kantin lekòl yo, dapre sa chèf gouvènman an, Garry Conille, deklare. Ministè...
Dominikani : Abinader pral pimpe deyò peyi li 10 000 ayisyen chak semèn
Repiblik Dominikèn anonse plan pou depòte 10,000 Ayisyen chak semèn Repiblik Dominikèn anonse, mèkredi 2 oktòb 2024, yon plan pou depòte 10,000 Ayisyen san papye chak semèn. Plan sa a, ki pral egzekite imedyatman, gen pou objektif redui kantite imigran ilegal nan kominote dominikèn yo. Dapre gouvènman an, operasyon an ap fèt pandan y ap respekte dwa moun yo ak...
Eskandal BNC – CPT : ULCC mande pou yo trennen sispèk yo devan lajistis
Mèkredi sa a, ULCC remèt laprès yon rapò ankèt ki fè gwo bri sou 100 milyon goud Louis Gérald Gilles, Smith Augustin ak Emmanuel Vertilaire te mande pou renouvle manda Raoul Pierre-Louis kòm prezidan Konsèy Administrasyon BNC. Rapò ULCC a akize twa konseye sa yo pou koripsyon pasif, bay kout lajan, ak abi fonksyon. Yo mande pou lajistis pran...





































