Conille chita pale ak prezidan Ruto nan peyi Kenya
Premye Minis, Dr Garry Conille, fè chita pale ak Prezidan peyi Kenya, William Ruto, pou ranfòse kowoperasyon Ayiti ak Kenya nan domèn sekirite ak devlopman sosyal ak ekonomik. Nan kad misyon ofisyèl li nan Lafrik, Dr Conille jwenn yon bèl akèy nan Nairobi kote li te fè konferans pou laprès ansanm ak Prezidan Ruto. Premye Minis la te mete aksan...
Masak Pont Sondé – Kilès ki responsab?
Nan nuit 2 pou rive 3 oktòb 2024, yon masak terib fèt nan Pont Sondé, yon lokalite ki chita nan komin Sen Mak. Pont Sondé se yon kote enpòtan nan Latibonit, li gen yon mache popilè epi li se yon pwen estratejik sou wout nasyonal nimewo 1, ki konekte depatman Nò ak Lwès. Gwo zòn agrikòl sa a genyen...
Gouvènman an pran 10 angajman pou sekirite sosyal ann Ayiti
75è anivèsè sekirite sosyal nan peyi d Ayiti Deklarasyon angajman MAST, ONA, AFATMA, EPPLS, ONM, BSEIPH et IBESR Nan okazyon 75è anivèsè sekirite sosyal la, nan non tout Gouvènman an, Ministè Afè Sosyal ak Travay (MAST) ansanm ak tout ògàn sekirite ak pwoteksyon sosyal yo deside pran 10 angajman piblik sa yo, yon fason pou yo chèche amelyore kondisyon sosyal sitwayèn ak...
Koripsyon : Kolektif 4 Desanm ak ISC mande demisyon 3 Konseye sispèk yo
Koripsyon : Kolektif 4 Desanm ak ISC mande pou 3 Konseye sispèk yo kite KPT a Kolektif 4 Desanm 2013 lan fè yon apèl bay sosyete sivil la pou li leve kanpe kont destriksyon peyi a. Nan yon deklarasyon politik, Jean Robert Argant, kowòdonatè Kolektif la, mande pou Ayisyen sispann ap tann èd etranje epi chèche solisyon dirab ki ka...
OEA : gwo diskisyon sou jan Dominikani ap pase dwa Ayisyen anba pye
Nan yon reyinyon ki fèt nan Oganizasyon Eta Ameriken yo (OEA), madi ki sot pase a, dosye depòtasyon masiv Ayisyen nan Repiblik Dominikèn te nan mitan diskisyon an. Anbasadè Ayiti nan OEA, Gandy Thomas, te pran la pawòl pou denonse pratik Repiblik Dominikèn ki ap vyole dwa moun Ayisyen pandan pwosesis repatriyasyon yo. Li te mete aksan sou fason...
BINUH renouvle angajman li ak CPT, apre enstalasyon Leslie Voltaire
Apre enstalasyon Leslie Voltaire kòm prezidan Konsèy Prezidansyèl Transisyon an (CPT) lendi 7 oktòb, Biwo Entegre Nasyonzini an Ayiti (BINUH) renouvle angajman li pou l kontinye akonpaye CPT a ak tout otorite nasyonal yo. Objektif la se asire siksè tranzisyon an, dapre yon kominike BINUH pibliye. BINUH lanse yon apèl bay enstitisyon ayisyen yo, ansanm ak tout sektè viv...
Edito : « Fè wont sèvi kòlè »
"Fè Wont Sèvi Kòlè" : Yon estrateji Pou kache enkonpetans ak move zak Nan lavi politik Ayiti, nou souvan temwen yon fenomèn kote kèk lidè sèvi ak kòlè kòm zam pou kache enkonpetans ak erè yo. Lè yon pwoblèm parèt nan administrasyon yo, yo gen tandans monte lavwa, joure, akize lòt moun, pito pase yo responsab pou feblès yo. Se...
Plis pase 6,300 moun kouri kite kay yo nan Pon Sonde apre atak gang Gran Grif
Plis pase 6,300 moun oblije kite kay yo apre yon atak sasinay gang Gran Grif nan zòn Pont-Sondé, Ayiti, ki kite omwen 70 moun mouri, daprè rapò Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon (OIM). Plizyè moun te oblije pran refij lakay fanmi, pandan ke lòt yo jwenn abri nan lekòl ak lòt sant. Atak la te fèt byen bonè jedi maten. Selon...
Dominikani : Kèk aktivite kòmanse gen pwoblèm apre Abinader lage koukouwouj dèyè Ayisyen
Nan vil Santiago, Dominikani, sektè konstriksyon an deja santi gwo konsekans repatriyasyon masiv ayisyen yo. Sandy Rodríguez Gutiérrez, prezidan Asosyasyon Pwomotè ak Konstwi Kay nan Sibo (Aprocovici), eksprime enkyetid li paske anpil travayè ayisyen pa retounen travay akoz pè pou yo pa depòte. Dapre Gutiérrez, anpil nan pwojè konstriksyon yo ralanti, paske travayè ayisyen yo pito rete lakay yo olye...
Leslie Voltaire pran tèt Konsèy Prezidansyèl la jodi a
Nan kad prezidans tounante la, kote omwens 4 manb Konsèy Prezidansyèl ta dwe fè yon kout chita sou fotèy boure a pandan tranzisyon an, Leslie Voltaire te enstale alatè KPT a. Men sanble pou Edgard Leblanc, monte prezidan se bèl bagay, remèt pouvwa se pi move kochma. Nan sans sa a, chrf pati OPL la te fache kou kong e...





































