Gad Kòt ameriken tounen Ayiti 169 migran yo kenbe toupre Ziltik
Mèkredi sa a, ekip bato "Cutter Valiant" nan Gad Kòt ameriken te rapatriye 169 moun nan peyi Ayiti, apre yo te entèsepte yon bato nan zòn sid Zile Turks ak Caicos (Ziltik). Yon ekip nan estasyon ayeryen Miami, ki t ap sipòte Operasyon Bahamas, Turks ak Caicos, te avèti gadyen distri sèt Gwad Kòt yo sou yon ti bato ki...
Lapolis deklare li touye yon pil ak pakèt bandi nan gang Vitelòm
Operasyon Polisye : Polis Nasyonal Ayiti mennen operasyon nan Torcel, kote gang "Kraze baryè" ap opere Nan kad batay kont gang ame sou tout teritwa nasyonal la, Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) anonse l ap kontinye mennen operasyon nan plizyè zòn nan peyi a, espesyalman nan Torcel, kote gang "Kraze baryè" dirije pa Vitelhomme Innocent ap fè lalwa. Pandan operasyon ki...
Edito : « Tanbou prete pa fè bon dans »
Nan peyi Ayiti, nou konstate ke sitiyasyon an ap vin pi difisil chak jou. Otorite yo sanble ap fè efò pou adrese kriz la, men pwoblèm yo kontinye ap grandi. Pandan ke PNH ak FADH gen yon wòl enpòtan pou jere sekirite, nou dwe sonje ke fòs yo pa ka sove peyi a san yon plan solid ak kolaborasyon...
Conille di vwayaj li a bay gwo rezilta
Premye Minis Dr. Garry Conille prezante yon bilan pozitif sou misyon ofisyèl li te fè nan Emira Arab Ini ak Kenya pandan yon Pwen pou Laprès nan Salon Diplomatik Ayewopò Entènasyonal Toussaint Louverture, madi 15 oktòb 2024. Daprè Chèf gouvènman an, objektif misyon an te etabli nouvo patenarya ak lòt peyi, sitou Emira Arab Ini, epi rankontre Prezidan Kenyan...
Lig Nasyon : Ayiti ranpòte yon lòt viktwa sou Aruba
Lig Nasyon : Ayiti bat Aruba 5-3 epi rete lidè nan gwoup li Seleksyon foutbòl Ayiti a kontinye enpresyone nan Lig Nasyon Concacaf la, kote li bat Aruba (5-3) nan yon match difisil lendi 14 oktòb 2024. Viktwa sa a pèmèt Ayiti kenbe tèt nan gwoup C la, devan Sint Maarten ki te bat Sent Lisi (4-0). Match la te kòmanse...
Misyon Akonpli : K-dilak ak Bedjine lage premye albòm yo
K-Dilak & Bedjine: Premye Album Misyon Akonpli An 2024, K-Dilak ak Bedjine lanse premye album yo ansanm, ki rele Misyon Akonpli. Albòm sa a gen 16 mizik ki melanje sonorite modèn tankou konpa ak zouk, avèk yon touch tradisyonèl ayisyen. Yo te lanse albòm la avèk yon videyo pou chante “Konsekans,” ki deja fè anpil bri. Bedjine, Bédia Charlotin de non...
Polis Latibonit arete Edson Arisma, chofè gang « Kokorat San Ras
DDA/Entèvansyon Polisye: Edson Arisma, chofè gang "Kokorat San Ras," arete Polis Depatman Latibonit la arete Edson Arisma, yon jèn gason 18 lane, ki se chofè gang "Kokorat San Ras". Selon enfòmasyon yo, Edson se chofè Gerbens Tilus, yo rele tou Benjy, ki se dezyèm chèf nan gang lan. Dapre deklarasyon Arisma bay pandan entèwogasyon li, li gen wòl achte...
DGI: Anplwaye yo aksepte fè yon trèv nan grèv yo a
Apre diskisyon ak kèk direktè nan Direksyon Jeneral Taks yo (DGI), eksepte direktè jeneral la, Emmanuel Casséus, jedi 10 oktòb, anplwaye sou grèv yo deside mete fen pwovizwaman nan grèv ki te paralize enstitisyon an depi 23 septanm pase a. Yo anonse yon trèv e sèvis yo pral rekòmanse nan tout biwo DGI yo apati lendi 14 oktòb 2024. Daprè...
Lig Nasyon Konkakaf: Ayiti vannen Aruba 3 a 1
Lig Nasyon Konkakaf: Ayiti vannen Aruba 3-1 epi rete lidè gwoup li a Seleksyon ayisyèn nan kontinye make istwa nan Lig Nasyon Konkakaf la. Vandredi 11 oktòb 2024, Grenadye yo te fè yon lòt viktwa enpòtan an bat ekip Aruba a 3-1. Menmsi Aruba te pran avantaj nan 6zyèm minit ak yon gòl Tyron Gentil, Ayiti te reyaji fò, epi...
Edito : Malere pa gen zanmi
Yon rèl sou sitiyasyon migran Ayisyen yo nan plizyè peyi Nan yon mond kote tout moun ap chèche lavi miyò, Ayisyen yo, yo menm tou, ap chèche yon kote pou yo viv avèk diyite ak sekirite. Men, kote yo ale, espesyalman nan peyi tankou Repiblik Dominikèn, Etazini, ak Bahamas, se yon lodyans san fen ki chaje ak mizè, diskriminasyon, e...





































