Jounen lendi 11 novanm 2024 la Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (KPT) an remèt bay nouvo Premye minis peyi a, Alix Didier Fils-Aimé, kopi arete ki nonmen l nan pòs sila a. Seremoni an te dewoule nan Viladakèy la an prezans plizyè...
Yon leson sou ilizyon ak limitasyon pouvwa Gen yon ti bèt nan rejyon Latibonit yo rele "Towo Lagon." Nan kè lari a, li fè yon gwo bri ki ka fè moun kwè ke gen yon gwo towo bèf kache...
Yon avyon Spirit Airlines ki t ap fè vòl ant Fort Lauderdale, Etazini, ak Pòtoprens, Ayiti, te oblije devye direksyon l pou l ateri an Repiblik Dominikèn apre li te frape pa bal nan espas ayeryen Pòtoprens, lendi 11...
Lendi 11 novanm, 2024, peyi a ap swiv avèk anpil enterè yon desizyon ki ka chanje dinamik pouvwa a. Konsèy Prezidansyèl Transisyon an (KPT) fè konnen yo revoke premye minis Garry Conille epi chwazi antreprenè Didier Alix Fils-Aimé pou...
Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an lanse jounen samdi 9 novanm 2024 la Fowòm pou apiye pwosesis elektoral la sou tèm : defi ak kondisyon pou reyisi pwosesis Referandòm ak Elektoral la. Jounen echanj sa te gen pou objektif kontinye ak egzèsis...
Dj ak pwodiktè mizik ayisyen Michaël Brun ap fè bri sou sèn mizik entènasyonal la ankò ak de nouvo nominasyon pou Grammy Awards 2024 yo. Nominasyon sa yo rive gras ak kolaborasyon resan li fè ak atis kiben Cimafunk...
Nan dat 7 novanm 2024, plizyè milye moun te pran lari nan Pont Sondé sou inisyativ "Kolektif 3 Oktòb", yon gwoup òganizasyon sitwayen ki egzije pou leta detwi nèt de (2) gwo gwoup ame ki ap simen laterè nan...
Premye Minis Ayiti a, Garry Conille, mande ofisyèlman pou twa konsèyè prezidansyèl ki enplike nan eskandal koripsyon nan BNC a demisyone. Conille ekri yon lèt bay prezidan Konsèy Prezidansyèl la (CPT), Leslie Voltaire, kote li egzije ke Voltaire pran...
Donald Trump fè yon deklarasyon viktwa nan eleksyon prezidansyèl Etazini yo, ki make retou li nan pouvwa a apre yon kampay difisil fas ak Kamala Harris. Menm si rezilta final yo poko konplètman ofisyèl, Trump sanble fin ranpòte eta...
Yon rankont te fèt lendi sa a ant Kowòdonatè Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) ak Premye Minis Gary Conille nan Villa d’Accueil, Musseau, sou kesyon prezans yon konpayi sekirite etranje an Ayiti. Nan rankont sa a, te gen sèlman...